Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Prezidan Michel Martelly Siyen Dekrè-Lwa Elektoral la.


Haiti Ballot Box
Haiti Ballot Box

Ann Ayiti, Minis Kominikasyon an e pòtpawòl gouvènman an, Rotchild Francois Junior, anonse Prezidan Michel Martelly siyen dekrè elektoral la ki ouvè wout la pou eleksyon dewoule nan peyi a pandan ane 2015 la. Misye Fançois fè konnen dekrè a vini ak yon divizyon elektoral ki bay peyi a 118 sikonskripsyon, sètadi chanm bas palman an pral genyen 118 depite.

Nouvèl Ayiti madi 3 mas 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:10 0:00
Direct link

Bò kote pa l, Konsèy Elektoral Pwovizwa a mete devan pati politik yo yon rezime diskisyon li te genyen ak yo nan dat 26 fevriye pase a sou pwojè kalandriye elektoral la. Konseye elektoral Yolette Mengual di KEP a pap pran tan pou l mete kalandriye a deyò yon fwa pouvwa egzekitif la fin pibliye dekrè lwa elektoral la.

Yon lòt kote, Premye Minis Evans Paul enstale Mèt Josué Pierre-Louis kòm nouvo sekretè jeneral Primati a lendi 2 mas 2015 lan. Nan diskou sikonstans li, chèf gouvènman an raple nouvo sekretè jeneral la responsabilite kap tann li nan pòs sa a. Mèt Pierre Louis, li menm, manifeste volonte li pou l satisfè obligasyon ki mache ak pòs sa a.

Yon gwo gwoup nan opozisyon an -ki gen nan tèt li MOPOD (Mouvman Patriyotik pou yon Opozisyon Demokratik)- lanse 2 jou manifestasyon pou jedi 5 ak samdi 7 mas 2015 la, plis 2 jou grèv li fikse pou lendi 9 ak madi 10 mas pwochen, pou mande demisyon Prezidan Michel Martelly epi egzije Leta bese pri galon gazolin nan sou mache nasyonal la.

Minis Jistis la, Pierre Richard Casimir, lanse sa li rele "yon pwogram operasyon kout pwen" nan penitansye nasyonal lendi 2 mas 2015 la. Minis Casimir di operasyon sa a, kap dire 30 jou, pral pemet jij yo panche yo sou ka 4012 prizonye k ap tann jijman yo depi plizyè lane nan penitansye a.

Anfen, yon gwoup manifestan boule nèt yon otobis ki te pwopriyete yon konpayi transpò prive ayisyen tou pre vil Ti Gwav. Korespondan nou Montigène Sincère di nou gwoup la te konprann otobis la sete pwopriyete yon konpayi dominikèn.

XS
SM
MD
LG