Accessibility links

Breaking News

Irak-Vyolans: Gouvènman an Pare pou l Repran Vil Tikrit ak Pwovens Saladen


Machin militè, sòlda irakyen ak konbatan chiyit ki tap rasanble tou prè baraj Udhaim nan, o-nò Bagdad, nan jounen dimanch premye mas 2015 la, pandan yo tap prepare yo pou atake militan islamik yo.
Machin militè, sòlda irakyen ak konbatan chiyit ki tap rasanble tou prè baraj Udhaim nan, o-nò Bagdad, nan jounen dimanch premye mas 2015 la, pandan yo tap prepare yo pou atake militan islamik yo.

Nan Irak, manm lame a ak milisyen kap defann gouvènman an atake militan Gwoup Eta Islamik la nan yon rejyon enpòtan nan vil Bagdad. Kòmandan militè yo di se kòmansman batay pou yo repran vil Tikrit. Daprè menm sous la, byen bonè lendi 2 mas 2015 la aviyasyon militè Irak la lanse divès atak sou pozisyon militan yo pandan twoup ki atè ap avanse sou plizyè fwon.

Premye minis Haider Al-Alabi te fè yon diskou nan jounen dimanch la pou la anonse operasyon an ta pral kòmanse. Misye Al-Alabi fè anons la pandan li ta prale nan rejyon Samarra pou l te sipèvize efò lame ap prepare pou l libere vil Tikrit ak pwovens Saladen ki tou prè a. Premye minis irakyen an bay yon konferans pou laprès nan Samarra kote li lanse apèl bay konbatan tribi sinnit yo pou l mande yo kite gwoup Eta Islamik la; kòm rekonpans, li pwomèt yo gras ak padon total.

Daprè nouvèl yo, plizyè milye milisyen chiyit, manm tribi lokal yo ak sòlda irakyen mete ansanm pou yo batay pou reprann Tikrit. Yon ansyen otorite lokal pale ak Lavwadlamerik pou l di li prevwa batay ki pral dewoule nan vil la, ap fewòs e brital. Otorite yo nan Saladen pran dipozisyon pou yo ratache pwovens la ak kapital la, Bagdad, tandiske vil Mosoul, ki nan pati nò Irak, rete anba kontwòl rebèl yo.

Depi mwa jen 2014 la --swa mwa kote militan yo te mache pran yon gwo pati nan rejyon nò Irak-- vil Tikrit twouve l anba men gwoup Eta Islamik la. Nan menm kout kat la yo te tou mete men sou Mosoul, 2èm pi gwo vil nan Irak ki twouve l o nò pwovens Saladen kote vil Tikrit sitiye. Yon otorite wo plase nan Depatman Defans Lèzetazini an te fè VOA konnen, mwa pase a, fòs chiyit yo tap òganize yon operasyon pou libere Tikrit; men li pat presize ki lè operasyon sa a te gen pou dewoule.

XS
SM
MD
LG