Accessibility links

Breaking News

Ayiti pap Akeyi Pwochen Asanble Jeneral l'OEA a - "Ayiti Pa Gen Ekskiz pou l Fè Repiblik Dominikèn."


Minis Afè Etranjè Ayisyen an, Pierre Duly Brutus, ak Sekretè Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, José Miguel Insulza
Minis Afè Etranjè Ayisyen an, Pierre Duly Brutus, ak Sekretè Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, José Miguel Insulza

Minis Afè etranjè ayisyen an, Duly Brutus, fè Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) konnen Ayiti pap kapab òganize somè Asanble Jeneral òganizasyon rejyonal la nan mwa jen 2015 la "pou rezon finansye e lojistik." Chèf diplomasi ayisyèn nan voye yon lèt nan sans sa a bay Sekretè Jeneral l'OEA a, José Miguel Insulza.

Yon nòt pou laprès ki sòti nan katye jeneral l'OE a, nan Washington, fè konnen:

<<Prezidan Konsèy Sekirite a, Niermala Badrising, ki se Reprezantan Pèmanan Sirinam nan òganizasyon an, mete reprezantan yo okouran sitiyasyon an e li fè yo konnen diskisyon sou nouvo peyi òganizatè a pral sou ajanda a nan pwochen rankont Konsèy Pèmanan an.

<<Sekretè Jeneral Insulza bay eksplikasyon pou l di sitiyasyon desizyon Ayiti a pwovoke a "se yon sitiyasyon Chat l'OEA a ak règleman Asanble Jeneral la prevwa". Daprè previzyon sa a, "Si somè a pa kapab dewoule nan peyi ki chwazi a, li dwe dewoule nan katye jeneral òganizasyon an, amwenske yon lòt eta-manm ofri pou l òganize evennman, men fò l fè òf sa a anomwen 3 mwa davans."

<< Lèt Minis Afè Etranjè Duly Brutus voye bay Sekretè Jeneral la fè konnen sa k eksplike desizyon Ayiti pou l pa kenbe òf pou l resevwa Asanble Jeneral l'OEA, se difikilte finansye ak lojistik ki ta kapab gen konsekans sou dewoulman 45èm sesyon regilye Asanble Jeneral la e sou kapasite Ayiti pou l òganize yon Asanble Jeneral ki pwodiktif e remakab, lè n konsidere pwosesis elektoral Gouvènman Repiblik d Ayiti a deja lanse a.>>

Nouvèl Ayiti lendi 2 mas 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:48 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Minis kominikasyon e pòtpawòl gouvènman ayisyen an, Rotchild François Junior, fè konnen gouvènman an pap prezante ekskiz bay otorite dominiken yo pou ensidan ki te pase nan konsila dominiken an nan Petyonvil la apre yon manifestan te desann drapo panyòl la nan kad pwotestasyon kont abi tout kalite ayisyen k ap viv an Repiblik Dominikèn yo ap sibi. Pòtpawòl la di vwa diplomatik yo toujou louvri pou chache rezoud pwoblèm ki poze ant 2 peyi yo apre ensidan sa a avèk lòt ki dewoule sou tou lè 2 tèritwa yo. Minis François lanse apèl bay popilasyon an pou mande l evite poze aksyon ki ta kapab fè sitiyasyon an vin pi grav.

Bò kote pa l, Prezidan Michel Martelly kritike opozisyon an ki, dapre li, pa pwopoze solisyon pou ansanm pwoblèm peyi a ap konfwonte yo. Chèf deta a, ki t ap inogire yon plas piblik nan Pòtoprens vandredi pase a, mande popilasyon an pote kole ak gouvènman an pou peyi a ka pran wout devlopman.

Anfen, yon gwoup moun nan Komin Chandyonè, nan sid peyi d Ayiti, rache ak kout manchèt 4 moun apre yon sitwayen zòn nan te mouri nan you aksidan motosiklet. Korespondan nou Jean Hernst Eliscar di nou pwòch ak patizan defen an te lonje dwèt sou yon lòt gwoup ki daprè yo, ta fè maji deyè viktim nan.

XS
SM
MD
LG