Accessibility links

Breaking News

Yon Delegayon Kongrè Lèzetazini an Vizite Ayiti


Kongrè Ameriken an
Kongrè Ameriken an

Yon delegasyon Kongrè Ameriken an vizite Ayiti samdi 21 fevriye 2015 la. Palmantè sa yo --ki te gen nan tèt yo ansyen prezidan Chanm dè Reprezantan Lèzeetazini an, Demokrat Eta Kalifòni Nancy Pelosi-- rankontre, antwòt, Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Evans Paul. Si pyès manm delegasyon an pa fè okenn deklarasyon ofisyèl, nouvèl yo fè konnen òganizasyon pwochen eleksyon yo te fè pati tèm diskisyon yo.

Vizit la dewoule menm jou kote Konsèy Elektoral Pwovizwa a renmèt bay pouvwa egzekitif la pwojè dekrè lwa elektoral la ki gen plis pase 240 paj. KEP a la gen pou l rankontre ak dirijan pati politik yo jedi 26 fevriye a pou yo fè deba sou pwojè kalandriye elektoral la, dapre akò politik 11 janvye 2015 la.

Nouvèl Ayiti -lendi 23 fevriye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:10 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Samdi 21 fevriye 2015 la Prezidan Michel Martelly, Premye Minis Evans Paul, ak divès lòt manm gouvènman te patisipe nan fineray ofisyèl 17 moun ki te mouri pandan 2èm jou kanaval 2015 la, pipresizeman nan nwit lendi 16 pou leve madi 17 fevriye. Gouvènman an pwomèt pou l asiste fanmi defen yo ak lòt moun ki te blese nan aksidan an. Plizyè òganizasyon dwa moun mande otorite yo pibliye rezilta otopsi kadav yo dekwa pou moun kapab konnen vrè koz viktim yo.

Lapolis arete 4 moun nan yon operasyon otorite yo te mennen nan 2 seksyon kominal ki tou pre vil TiGwav. Dapre responsab lajistis yo, prevni yo, ki te tire sou fòs de lòd yo pandan operasyon an, tonbe anba akizasyon kòm kwa yo t ap fè presyon sou popilasyon an pou yo te kapab pran byen yo.

Anfen, nan PòdePè, yon delegayon Sèvis Maritim Nasyonal la (SEMANA) rankontre ak otorite lokal yo pandan wikenn nan pou yo te abòde nesesite pou otorite sa yo enspekte ti bato k ap fè transpò pasaje ak machandiz sou kòt Depatman Nòdwès la -sa yo rele sèvis Kabotaj. Dirijan SEMANA yo te fè vizit sa a apre plizyè kannòt te koule swa akoz yo te twò chaje, swa paske yo pat gen ekipman oubyen gwosè ki nesesè pou garanti sekirite pasaje yo.

XS
SM
MD
LG