Accessibility links

Breaking News

Dewoulman 87èm Edisyon Remiz Pri Oscar yo nan Hollywood.


Alejandro G. Iñárritu backstage avèk Oscar li ranpòte kòm sineyas de lane pou film ki rele “Birdman”. Se film sa a tou ki ranpòte pri meyè film de lane a.
Alejandro G. Iñárritu backstage avèk Oscar li ranpòte kòm sineyas de lane pou film ki rele “Birdman”. Se film sa a tou ki ranpòte pri meyè film de lane a.

87èm edisyon seremoni remiz Acadamy Awards la (seremoni remiz pri Oscars yo), dewoule dimanch swa nan Hollywood. Film Birdman --ki gen kòm reyalizatè sineyas meksiken Alejandro Gonzalez Inarritu-- ranpòte pri meyè film de lane a; epi se Misye Gonzalez Iñarritu ankò ki pase men pran pri mèyè sineyas de lane a.

Aprè yo te fin anonse bèl rezilta sa a pou sineyas meksiken an, li te pran lapawòl pou l di li dedye twofe a pou tout konpatriyòt meksiken li yo –kit se sa ki nan peyi li, kit se sa ki travèse fwontyè a pou yo vini Ozetazini. Misye Gonzalez Iñarritu di :

« Mwen vle dedye pri sa a pou konpatriyòt meksiken nou yo. Pou sila yo kap viv o Meksik, map priye pou nou kapab jwenn e bati yon gouvènman ke nou merite. E pou sila yo kap viv isit Ozetazini e ki fè pati nouvèl jenerasyon imigran nan peyi sa a, mwen priye pou moun trete yo avèk menm diyite e menm respè yo te bay jenerasyon ki te vini anvan yo a e ki bati peyi imigran si enkwayab sa a. Mèsi bokou. »

Pèsonalite ki ranpòte pri mèyè aktè de lane a se Eddie Redmayne pou wòl li nan film The Theory of Everything. Pri Meyè Mizik de Lane a al jwenn film Selma ke sineyas Ava DuVernay te dirije e kote youn nan aktè ak aktris yo se animatris pwogram televizyon e filantwòp amerikèn Oprah Winfrey. Entrig film nan chita sou mouvman dwa sivik Reveran Pastè MartinLuther King, Jr. te dirije nan ane 50 ak 60 yo. Lè chantè John Legend monte sou podyòm nan pou l resevwa Oscar la kòm atis ki entèprete chanson-tèm film nan, se pou l te di Selma raple tout moun ke lit pou egzèsis dwa sivik, ekonomik e politik la poko fini Ozetazini.

Chèn televizyon ABC te retransmèt an dirèk 87èm seremoini anyèl remiz Pri Oscars yo ki dewoule nan Dolby Theatre nan Hollywood, Kalifòni, dimanch 22 fevriye 2015 la.

XS
SM
MD
LG