Accessibility links

Breaking News

Venezuela-Politik / Arestasyon Majistra vil Caracas la, Antonio Ledezma


Mitzy Capriles de Ledezma, madanm majistra ANtonio Ledezma, ap lanse slogan pou l mande lage mari li. Li gen bò kote li 2 polisye kap fè pòs devan katye jeneral biwo Sèvis Sekrè venezuelyen an nan Caracas. (Foto: AP/Ariana Cubillos, Jedi 19 fevriye 2015).
Mitzy Capriles de Ledezma, madanm majistra ANtonio Ledezma, ap lanse slogan pou l mande lage mari li. Li gen bò kote li 2 polisye kap fè pòs devan katye jeneral biwo Sèvis Sekrè venezuelyen an nan Caracas. (Foto: AP/Ariana Cubillos, Jedi 19 fevriye 2015).

O Venezuela, lapolis arete majistra Caracas la, Antonio Ledezma, ki se yon lidè opozisyon an, sou akizasyon deske li mele nan yon plan ameriken pou ranvèse gouvènman sosyalis la. Laprès venezuelyèn prezante majistra a kòm yon lidè opozisyon veteran. Moun te ka wè nèg ki te ame jous nan dan, avèk mask e inifòm kamouflaj militè sou yo, ki t al mete men sou majistra Ledezma aprè yo te fin kraze pòt biwo li nan sant komèsyal kapital la, pandan yo tap tire kou-fe avètisman nan lè a

Gouvènman Prezidan Nicolas Maduro a akize misye Ledezma --ki genyen 59 van-- dekse li se sèvo yon kou-deta kap prepare. Daprè prezidan an, konplo sa a genyen ladan n tou manm aviyasyon militè Venezuela a. Misye Maduro di :

« Sou lòd komisè gouvènman, yo arete majistra Ledezma e sistèm jistis venezuelyen an genyen pou jije misye pou krim li komèt kont lapè piblik peyi a… »

Prezidan Maduro kontinye pou l di se Washington ki finanse e ki tap dirije konplo a. Sepandan, yon pòtpawòl Depatman Deta a, ki tap reyaji sou dosye a nan jounen jedi 19 fevriye 2015 la, rejte akizasyon yo ki, daprè li, se akizasyon fo e ki pa gen fondman. Pou prezidan Maduro ak lidè ki te dirije Venezuela anvan n nan, Hugo Chavez, se yon veritab woutin pou yo pale de swadizan konplo ou tantativ kou-deta kap fèt kont yo avèk apui Lèzetazini; men yo pa janm prezante okenn prèv pou apiye akizasyon sa yo.

Arestasyon Majistra Antonio Ledezma a rive preske yon lane aprè opozisyon an te lanse yon seri de manifestasyon anti-gouvènmantal a travè tout Venezuela --sa ki te debouche sou konfwontasyon ant manifestan ak lapolis epi koze lanmò plizyè douzèn moun. Misye Ledezma te patisipe nan anpil nan mouvman pwotestasyon sa-yo.

Lòt reyaksyon ki tonbe apre arestasyon Majistra Caracas la:

Madanm Misye Ledezma a, Mitzy Capriles, deklare li pa konnen ki kote yo ale ak mari li; li pa konnen non plis si otorite yo deja lage yon akizasyon kriminèl sou do li. Madanm majistra deklare :

"Se bridsoukou yo vin pran n nan biwo li epi yo sòti avè l. Lapolis pat kite l pran kontak ak pèsonn. Yo konfikse kle machin li ak kle motosiklèt li. Mwen pa gen okenn mwayen pou m konnen kijan Antonio ye."

Lidè opozisyon yo nan Venezuela denonse arestasyon sa a kòm sa yo rele "yon atak kont demokrasi." Nan menm jounen jedi a, medya yo te ka wè kèk gwoup moun ki te rasanble pou yo pwoteste an fas Biwo Sèvis Sekrè venezuelyen an. Yo pa rapòte okenn konfwontasyon.

XS
SM
MD
LG