Accessibility links

Breaking News

Vizyon Prezidan Obama pou Lit kont Teworism Entènasyonal la


Prezidan Barack Obama pandan li tap pale nan yon konferans sou ekstremism radikal la ki dewoule nan La Mezon Blanch, mèkredi 18 fevriye 2015 la.
Prezidan Barack Obama pandan li tap pale nan yon konferans sou ekstremism radikal la ki dewoule nan La Mezon Blanch, mèkredi 18 fevriye 2015 la.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, lanse yon apèl bay otorite sivil ak relijye yo atravè lemond pou l mande yo ini yo pou yo lite kont sa li rele "manti ekstremis yo ap bay" epi rejte pawòl ki vle fè konprann gwoup teworis yo reprezante relijyon islamik la. Prezidan Obama di:

"Ekstremis yo ak teworis yo konte sou manti yap bay atravè lemond, lè yo di yap pale nan non manm relijyon islamik la; lè yo fè moun kwè Lislam se yon relijyon ki makònen ak vyolans; lè yo di kòmkwa genyen yon chòk ant sivilizasyon yo. Natirèlman, teworis yo pa ka pale nan non plis pase yon milya mizilman ki rejte ideyolji yo a, yon ideyoloji ki makònen ak lahèn pou lòt moun. Yo pa reprezante Lislam menm jan okenn moun fou ki ouvè kout-zam pou li touye inosan, pa reprezante relijyon Kretyen yo, Jwif yo, Boudis yo oubyen Endouyis yo. Pa gen okenn relijyon ki ankouraje zak teworis. Se moun, yon fason endepandan, ki responsab pou vyolans ak zak teworis yo poze."

Prezidan Obama pale konsa nan yon konferans sou fason pou Lèzetazini fè fas ak monte vyolans radikal la -konferans ki dewoule mèkredi 18 fevriye 2015 la nan La Mezon Blanch. Li ensiste pou l di Lèzetazini ak loksidan pa nan lagè avèk Lislam; men pito avèk moun sa yo ki pèvèti e kowonpi Lislam. Sepandan, Misye Obama di viktwa nan lagè kont ekstremis ak teworis yo pa depann de itilizasyon mwayen militè sèlman. Sou pwen sa a Misye Obama deklare:

"Lè n konsidere konpleksite defi yo ak kalte lennmi ki an fas nou an (ki se pa yon lame tradisyonèl), sa pral mande yon travay kap pran tan; sa pral mande vijilans, yon fèm detèminasyon ak yon bon jan vizyon. Men, mwen gen konfyans, menm jan nou te toujou ranpòte laviktwa pandan plis pase 2 san zan istwa nou an, nou pral ranpòte laviktwa ankò. E yon pati nan sa ki ban m konfyans sa a, se gwo kokenn reyaksyon kominote mondyal la devan sovajri teworis sa yo."

Se konsa tou, Prezidan Obama lanse apèl bay lidè peyi mizilman yo ak tout moun ki gen otorite nan mond islamik la pou l mande yo fè plis efò pou yo pran distans yo avèk ideyoloji brital teworis ak ekstremis yo.

XS
SM
MD
LG