Ann Ayiti, aktivite yo reprann nan moman peyi a ap obsève 3 jounen dèy nan memwa viktim aksidan ki te rive nan 2èm jounen kanaval la, swa nannuit lendi pou leve madi pase a. Gouvènman an anonse l ap òganize yon fineray ofisyèl pou 18 viktim yo samdi maten -e non pa yon fineray nasyonal, jan otorite yo te anonse sa anvan. Se Ministè Enteryè ak Pwoteksyon Sivil ki responsab pou kowòdinasyon fineray ak asistans fanmi viktim yo.Pi fò blese yo rantre lakay yo, dapre doktè Claude Suréna, prezidan komite ka dijans ak asistans pou kanaval la.
Yon lòt kote, Minis Kominikasyon e pòtpawòl gouvènman an, Rotchild François Junior, anonse fòmasyon yon komisyon ankèt nan jou kap vini yo pou fè limyè sou aksidan an. Minis François, ki tap pale ak jounalis yo, di misyon komisyon an se chache jwenn koz aksidan an epi mete devan orite yo ak komite kanaval la rekòmandasyon li panse ki nesesè. Dapre premye enfòmasyon yo, trajedi sa a ta rive apre yon fil kouran ta elektrokite chantè gwoup mizikal Barikad Crew a, Fantòm. Sepandan, temwen vini ak enfòmasyon kontradiktwa sou sa ki ta pase a vrèman.
Etazini, MINUSTAH, OEA, Lafrans ak kèk lòt manm kominote entènasyonal la prezante senpati yo bay gouvènman an ak fanmi viktim yo. Antèman viktim yo ap chante nan matine jounen samdi 21 fevriye 2015 la, sou chandmas la, menm kote aksidan trajik la te rive a.