Accessibility links

Breaking News

Entèvyou Direktè Misyon USAID ann Ayiti, John Groarke, avèk Sèvis Kreyòl VOA.


USAID logo
USAID logo

Nan yon entèvyou direktè misyon Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID) ann Ayiti, John Groarke, bay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, li pale de efò Lèzetazini deplwaye pou l ranfòse kowoprasyon li ak Ayiti depi tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Lyonel Desmarattes, ki fè entèvyou sa a, abòde avèk Misye Groarke kèk domèn presi, tankou, pa egzanp :

-Kontribisyon Lèzetazini nan efò ki fèt pou pèmèt moun goudougoudou a te deplase yo jwenn yon kote desan pou yo rete, ak patisipasyon USAID nan efò kap kontinye fèt pou “relokalize” plizyè dizèn milye moun kap viv anba tant toujou (70 mil daprè gouvènman ayisyen an; 72 mil daprè GARR (Groupe d'Appui aux Réfugiés et Rapatriés); e plis pase 85 mil daprè Amnesty International);

Entèvyou John Groarke, direktè USAID ann Ayiti, avèk Lyonel Desmarattes
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:19 0:00
Direct link

-Konsekans mank stabilite enstitisyonèl e politik kapab genyen sou egzekisyon pwojè USAID nan yon peyi. Sou pwen sa a, direktè misyon USAID a ensiste sou nesesite pou otorite Ayiti yo òganize anvan lontan sa li konsidere kòm « eleksyon ki te dwe dewoule lontan deja. »

-Enpòtans Washington atache nan kowoperasyon li ak Ayiti nan divès domèn ak espwa Misye Groarke pou avni relasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG