Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Prezidan Martelly ak Premye Minis Paul Enstale Nouvo Gouvènman an


Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Evans Paul enstale nouvo gouvènman an ki gen ladan n mwens minis pase gouvènman demisyonè li ranplase a. Plizyè sektè kritike absans nan gouvènman konsansis la reprezantan regwoupman ak pati politik k ap manifeste pou mande demisyon Prezidan Martelly. Kèk pati politik --menm pami sila ki reprezante nan gouvènman-- kritike Pouvwa Egzekitif la ki, daprè yo, pat konsilte yo avan li pibliye konpozisyon kabinè ministeryèl la.

Nouvèl Ayiti -Madi 20 janvye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:15 0:00
Direct link

Analis politik yo gen pozisyon diferan sou nouvo gouvènman an. Kèk nan yo kwè gouvènman an enkonstitisyonèl paske pat gen yon palman an plas pou apwouve politik jeneral Premye Minis Evans Paul la. An plis de sa, gen analis ki lonje dwèt sou kèk nouvo minis ki, daprè yo, pa kalifye pou yo fè pati yon gouvènman paske yo pat resevwa dechaj kòm manm yon ansyen administrasyon. Lòt analis di avni gouvènman an depann de klima politik la.

Anfen, kowalisyon Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD) lanse 3 jou manifestasyon nan kapital la pou mande demisyon Prezidan Michel Martelly. Manifestasyon sa yo fikse pou 20, 22 ak 23 janvye 2015.

XS
SM
MD
LG