Accessibility links

Breaking News

Sitwayen Ameriken Ka Vwayaje Kiba San Pèmisyon Otorite yo nan Washington


 Yon dam ap pase bò kote yon bisiklèt taksi ki gen sou tèt li drapo ameriken an ak drapo kibe an. (Foto Achiv: La Avàn, 17 desanm2014).
Yon dam ap pase bò kote yon bisiklèt taksi ki gen sou tèt li drapo ameriken an ak drapo kibe an. (Foto Achiv: La Avàn, 17 desanm2014).

Vandredi 16 janvye 2015 la, nouvo règleman Lèzetazini fikse pou sitwayen ameriken vwayaje Kiba kòmanse aplike. Sa antre nan kad repriz relasyon diplomatik ant 2 peyi yo, jan Prezidan Barack Obama (nan Washington) ak Prezidan Raul Castro (nan La Avàn) te anonse sa nan fen ane 2014 la.

Daprè nouvo règleman yo, apati de dat 16 janvye a yon ameriken ki al vizite Kiba, kapab retounen Ozetazini ak machandiz ki koute 400 dola pou itilizasyon pèsonèl li --pami acha sa yo kapab genyen sigarèt, siga ak bwason alkolize pou 100 dola. Orlando Veliz, kap travay nan yon restoran nan La Avàn, reyaji pou l di:

“Nou panse anpil ameriken pral vivi nan peyi a; restoran nou an pral gen plis kliyan. Se va yon bon bagay pou ekonomi nou an ; se va yon bon bagay pou biznis nou.

Apati de 16 janvye ane sa a, sitwayen ameriken yo gen dwa ale vizite Kiba san mande pèmisyon Depatman Trezo a. Sepandan anbago komèsyal la ap rete an plas, paske se Kongrè Lèzetazini an sèlman ki kapab leve l.

XS
SM
MD
LG