Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Evans Paul pare pou L Anonse Fòmasyon Kabinè Li.


Premye Minis Deziye, Evans Paul (Koutwazi : HPN/Clarens Renois)
Premye Minis Deziye, Evans Paul (Koutwazi : HPN/Clarens Renois)

Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly ap mete yon mesaj devan nasyon an nan jounen vandredi 16 janvye 2014 la pou l bay detay sou dispozisyon lap pran pou l rezoud kriz politik la kèk jou apre manda yon 2èm tyè sena a ak tout manm chanm depite a te pran fen. Lidè ayisyen an ap pran lapawòl nan moman Premye Minis nome a, Evans Paul, kontinye pran kontak ak aktè politik yo sou fòmasyon yon gouvènman konsansis ak yon Konsèy Elektoral Pwovizwa ki va gen pou òganize pwochen eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti -vandredi 16 janvye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:02 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Òganizasyon Pèp Kap Lite (OPL) lanse yon mizangad bay pouvwa egzekitif la pou mande l fè tout sa l kapab pou eleksyon dewoule nan peyi a anvan fen ane a. Lidè OPL yo -ki di òganizasyon politik la pa enterese fè pati pwochen gouvènman an-- lanse yon apèl an favè yon tèt-ansanm nan mitan aktè politik yo pou rezoud pwoblèm ki makònen ak vid enstitisyonèl absans yon palman fonksyonèl pwovoke.

Anfen, lapolis touye yon moun e li fè plizyè arestasyon pandan yon lese frape ak manm yon gwoup ame tou pre vil Kap-Ayisyen. Dapre otorite yo, gwoup ame a te anonse lansman yon operasyon pou l egzije demisyon Prezidan Martelly.

XS
SM
MD
LG