Accessibility links

Breaking News

Yon Jèn Amerikèn 14 Zan ap Ede Timoun ann Ayiti


Rachel Harris sou podyòm nan, tandiske Davidson ak Mara (tifrè ak tisè adoptif li) ap tande (Foto: ©Trevor Brown, Jr./Trevor Brown Photography)
Rachel Harris sou podyòm nan, tandiske Davidson ak Mara (tifrè ak tisè adoptif li) ap tande (Foto: ©Trevor Brown, Jr./Trevor Brown Photography)

Yon jèn amerikèn, ki rele Rachel Harris e ki gen 14 zan sèlman, ekri yon liv ki pral benefisye timoun nan Legliz Sen Pyè nan Mirebalais ak lòt kote ann Ayiti.

Miss Harris rele liv li a “Nadia’s Good Deed: A Story about Haiti” --sa vle di “Bòn Aksyon Nadia: Yon Istwa sou Peyi d’Ayiti.” Li di tout kòb lavant liv la ap bay, pral sèvi pou ede timoun kap frekante 16 lekòk ki genyen nan16 pawas ki anba lobedyans legliz la.

Daprè Pè sa Jeannot -ki se lidè relijye Legliz Sen Pyè a- ak Madam Melanie Howard, youn nan manm òganizasyon charite Road to Hope (ou Wout Lespwa) fè VOANouvèl.com, se òganizasyon sa a kap kowòdone tout efò kap fèt pou ede jèn otè a reyalize rèv li genyen pou ti moun ayisyen yo. Rachel Harris, ki pale ak Lyonel Desmarattes, di se yon vwayaj li te fè ann Ayiti ki te ba l enspirasyon pou l ekri liv la.

Entèvyou Rachel Harris ak Lyonel Desmarattes
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:43 0:00
Direct link

Nan entèvyou a, Miss Harris di paran li te adopte 2 timoun ayisyen, Davidson ak Mara, aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la e anpil moun nan vil kote lap viv la, Denver, Eta Colorado, te prese pote kontribisyon yo tou nan efò pou ede Ayiti an jeneral e timoun ayisyen yo an patikilye, aprè trajedi a.

XS
SM
MD
LG