Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly Abòde Enpas Politik la ak 9 Senatè


Prezidan Michel Martelly (Foto REUTERS/Marie Arago 12 janvye 2015)
Prezidan Michel Martelly (Foto REUTERS/Marie Arago 12 janvye 2015)

Ann Ayiti: Prezidan Michel Martelly rankontre, nan jounen madi 13 janvye 2015 la, ak 9 sou 10 senatè ki rete nan palman an apre manda yon lòt tyè sena a ak tout manm chanm depite a te ekspire lendi 12 janvye 2015 la. Dapre sa patisipan yo di laprès, pandan rankont la Prezidan Martelly bay palmantè yo garanti li pa pral dirije ak dekrè. Dosye Premye Minis nome a, Evans Paul, ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a te fè pati tèm diskisyon yo. Nouvèl yo rapòte lidè ayisyen an te rankontre, nan menm jounen madi a, ak regwoupman pati politik ki te siyen akò politik 11 janvye 2014 la.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 14 janvye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:08 0:00
Direct link

Yon lòt kote, pouvwa egzekitif la mande enstitisyon ki kalifye pou voye reprezantan yo nan konsèy elektoral la, soumèt 2 non yo chak pou pèmèt Prezidan Martelly chwazi 9 manm pwochen KEP a.

Toujou nouvèk konsènan Ayiti: Ansyen senatè Moise Jean Charles rejte kritik ki rann gwoup 6 senatè opozisyon an responsab le fèt ke palman an tonbe nan kadisite nan dat 12 janvye 2015 la. Senatè Jean Charles anonse opozisyon an pral kontinye yon seri manifestasyon kap mande demisyon Prezidan Michel Martelly.

Anfen, "Le Core Group " ki gen ladan n, --an plis reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayiti, Sandra Honoré-- anbasadè peyi sa yo : Brezil, Kanada, Lafrans, Lespay, Lèzetazini, Inyon Ewòp la ak reprezantan Espesyal Òganizasyon Eta Ameriken yo, regrèt le fèt ke palman an twouve l nan yon sitiyasyon kote li pa ka travay pou rezon nou bay deja a. Nan yon nòt pou laprès diplomat yo pibliye, yo eksprime apui yo pou dwa Prezidan Michel Martelly genyen pou l egzèse prowogativ konstitisyonèl li yo. Gwoup la, ki byen resevwa akò politik Prezidan Michel Martelly te jwenn ak plis pase 20 pati politik nan dat 11 janvye 2015 la, ankouraje pati konsène yo pou yo antann yo sou fòmasyon yon gouvènman konsansis, kreyasyon yon Konsèy Elektoral Pwovizwa dapre lespri atik 289 konstitisyon 1987 amande a pou eleksyon onèt e transparan dewoule ak patisipasyon tout moun pandan ane 2015 la.

XS
SM
MD
LG