Accessibility links

Breaking News

Antèman ann Izrayèl 4 viktim Atak sou Jounal Fransè Charlie Hebdo.


Yap transpòte kadav youn nan viktim atak ki te fèt sou yon supermarché nan vil Pari, an Frans, vandredi 9 janvye 2015 la. Viktim sa a ak 3 lòt ap antere nan Jerizalèm nan jounen 13 janvye 2015 la.
Yap transpòte kadav youn nan viktim atak ki te fèt sou yon supermarché nan vil Pari, an Frans, vandredi 9 janvye 2015 la. Viktim sa a ak 3 lòt ap antere nan Jerizalèm nan jounen 13 janvye 2015 la.

Seremoni antèman 4 jwif ki te mouri nan atak sou jounal fransè Charlie Hebdo semèn pase a nan vil Pari, ap dewoule madi 13 janvye 2015 la nan peyi Izrayèl. Kadav viktim yo te rive byen bonè nan kòmansman jounen an, nan ayewopò entènasyonal Ben Gurion nan. Premye Minis Benjamin Netanyahu se youn nan pèsonalite piblik ki prezan pou asiste seremoni an.

Chèf gouvènman israyelyen an te pwovoke gwo reyaksyon nan peyi Lafrans dimanch 11 janvye a, lè l te lanse apèl bay jwif fransè yo pou l mande yo emigre ann Israyèl pou yo evite sa li rele « yon monte nan santiman anti-semit ki egziste nan peyi Lafrans. » Pandansetan, nan Pari, prezidan Francois Hollande ap asiste yon seremoni kote gouvènman fransè a ap ofri 3 ajan polis fransè ki te mouri nan atak sou jounal Charlie Hebdo a Meday Lejyon Donè a. Otorite yo ap rann polisye yo omaj sa a aprè lanmò yo.

Prezidan Hollande rann omaj pou polisye fransè ki te tonbe anba men militan mizilman vandredi 9 janvye 2015 la
Prezidan Hollande rann omaj pou polisye fransè ki te tonbe anba men militan mizilman vandredi 9 janvye 2015 la

Yon lòt kote, nouvèl ki sòti nan kapital Lafans la fè konnen yon potrè Pwofèt Mahomè pral touve l sou kouvèti pwochen nimero jounal Charlie Hebdo ap fè parèt aprè atak la mèkredi 14 janvye a. Nan yon avan-gou responsab yo pibliye lendi, moun ka wè fondatè relijyon mizilman yo ki kenbe yon pannkat ki di : « Je suis Charlie », « Mwen se Charlie » ; epi gran-tit ki vini aprè a di : « Nou bliye tout bagay. » Responsab sal-dè-nouvèl jounal la fè konnen yo pral pibliye omwen 3 milyon kopi nimero kap parèt mèkredi a, alòske jeneralman Charlie Hebdo abitye pibliye 60 mil kopi sèlman.

Pandansetan, otorite fransè yo kenbe alèt maksimòm nan kont terowism sou tout tèritwa nasyonal la. Minis defans la, Jean-Yves Le Drian, fè konnen gouvènman an deplwaye yon afè de 10 mil sòlda ak polisye an plis sa k te toujou la pou pwoteje popilasyon an, yon fason pou ede lapolis asire sekirite nan zòn a risk yo ou nan milye sansib yo. Pami zòn sa yo genyen sinagòg ak lekòl jwif yo, mete sou moske yo, sètadi batiman kote mizilman reyini pou yo adore bondye yo.

Vandredi 9 janvye pase a, lapolis peyi Lafrans te lanse yon operasyon koukouwouj dèyè 2 frè (non Kouachi) ki te mele nan atak sou jounal Charlie Hebdo a, e yo te fin pa touye yo. An menm tan tou, yon militan islamik, Amédy Coulibali, te touye 4 otaj nan yon supermaché jwif nan vil Pari anvan li te tonbe, li menm tou, anba zam lapolis. Yon jou anvan sa, Koulibali te touye yon polisye fransè. Se 4 viktim li te fè vandredi a nan supermaché jwif la kap antere jodi a ann Izrayèl.

XS
SM
MD
LG