Accessibility links

Breaking News

Opinyon Yon Otorite Ameriken Wo-Plase sou Kriz Politik la ann Ayiti


Department of State
Department of State

Yon otorite wo-plase nan Depatman Deta ameriken an rankontre ak laprès, nan jounen jedi 8 janvye 2015 la, pou l te di kijan Lezetazini wè sitiyasyon an ann Ayiti nan moman payi a ap pare pou l make 5èm anivèsè tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Youn nan jounalis yo te poze kesyon pou mande: "Kisa ki pozisyon Lèzetazini konsènan sa k ka pase nan peyi d’Ayiti apati de lendi 12 janvye 2015 la, dat kote palman an pap operasyonèl epi Prezidan Martelly va kapab dirije pa dekrè?" Ofisyèl ameriken an bay repons sa a:

"Se yon kesyon enteresan. Jan nou konnen, aktè politik yo te rete ap negosye jous byen ta yè swa. Se divès pati politik, se prezidan an ak kèk manm sena a. Pozisyon nou trè senp. Nou vle wè eleksyon dewoule nan peyi a ; nou vle wè antant sou eleksyon yo epi evite afè de gouvène pa dekrè a.

" Nou panse li ta pi bon si tou lè 3 pouvwa gouvenman an rete an plas e kapab kontinye fonksyone. Donk, nou panse gen yon bon jan chans pou yo jwenn kalite antant sa a anvan jounen lendi 12 janvye a rive. E sètènman nou ankouraje yo pou yo avanse nan sans sa a.

" Mwen panse Prezidan Martelly te franchi yon etap ki mande anpil kouraj lè l fòme komisyon prezidansyèl la nan fen mwa novanm pase a, e mwen panse tou lap vanse nan yon bon jan direksyon pou l aplike rekòmandasyon yo te fè l yo. Nou ta mande tout lòt pati yo pou yo fè menmman parèyman… sètadi pou yo fè konpwomi politik ki nesesè dekwa pou, lè dat 12 la rive, moun pap pale de yon Ayiti ki nan enpas politik an pèmanans, men pito de yon Ayiti ki fè pwogrè. "

Sete deklarasyon yon otorite ameriken wo-plase ki tap bay opinyon li sou jan Lèzetazini wè sitiyasyon an ann Ayiti nan moman peyi a ap pare pou l make 5èm anivèsè tranblemanntè 12 janvye 2010 la e devan posiblite pou Prezidan Michel Martelly kòmanse dirije pa dekrè nan kèk jou si pati kap negosye yo pa jwenn yon solisyon pou kriz politik la.

XS
SM
MD
LG