Accessibility links

Breaking News

Atak Teworis an Frans : 12 Mò ; Plizyè Dizèn Blese.


Yon twou bal nan fenèt jounal fransè Charlie Hebdo apre atak ki dewoule nan jounen mèkredi 7 janvye 2015 la.
Yon twou bal nan fenèt jounal fransè Charlie Hebdo apre atak ki dewoule nan jounen mèkredi 7 janvye 2015 la.

An Frans, lapolis fè konnen 12 moun mouri nan yon atak ki fèt sou katye jeneral jounal satirik Charlie Hebdo ki parèt chak semèn nan kapital la, Pari.

Daprè sa laprès rapòte, 2 nèg ame pou pi piti ouvè kout-zam ak fizi Kalashnikov epi yo lanse kout-wòkèt anndan lokal kote jounal la gen biwo li. Otorite yo panse 2 atakan yo gen tan chape poul yo nan 2 machin. Laprès lokal fè konnen anplwaye jounal la tap fè yon reyinyon sou pwogram travay yo pou jounen an lè atak la fèt la.

Prezidan fransè a, François Hollande, pat pran tan pou l bay yon konferans pou laprès kote li di jounalis yo li pa gen dout sou sa ; « sa k rive a se yon atak teworis ».

Deklarasyon Prezidan François Hollande apre atak teworis ki fèt sou magazin Charlie Hebdo
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:02 0:00
Direct link

Otorite franse yo leve nivo alèt kont teworism nan pou mete l nan nivo ki pi wo a. Nan Washington, Sekretè Deta John Kerry pat pèdi tan pou l bay reyaksyon administrasyon Obama a.

Reyaksyon Sekretè Deta John Kerry apre atak teworis la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:16 0:00
Direct link

Biwo jounal satirik la te viktim yon atak ak bonm nan lane 2011 aprè li te pibliye yon bann desine ki te pase fondatè relijyon mizilman yo, Pwofèt Mawomè, nan jwèt. Nan yon lòt atik, jounal la te pase nan betiz tou lidè Gwoup Eta Islamik la; militan gwoup sa a deja sezi yon bon pati nan peyi Siri ak Irak.

XS
SM
MD
LG