Accessibility links

Breaking News

Ranvwa Sesyon Ekstwòdinè Palman an pou Ratifye Politik Jeneral Premye Minis Evans Paul la


Sena Ayisyen an pandan dewoulman yon seyans
Sena Ayisyen an pandan dewoulman yon seyans

Ann Ayiti, sesyon ekstwòdinè palman an te gen pou òganize lendi 5 janvye 2015 la, sou ratifikasyon deklarasyon politik jeneral Premye Minis deziye a, Evans Paul, ranvwaye pou mèkredi 7 janvye a, akoz mank kowòm, malgre 13 senatè ak 70 depite te prezan. Plizyè senatè opozisyon an te boude seyans la poutèt Prezidan Michel Martelly te voye yon imèl --e non pa yon lèt, jan sa konn fèt tradisyonèlman -- pou bay detay sou konvokasyon an.

Ratifikasyon politik jeneral Premye Minis nonmen Evans Paul se yon kondisyon ki dwe ranpli anvan pou nouvo Premye Minis la kapab fòme yon gouvènman konsansus ak patisipasyon tout sektè; sa dwe fèt tou anvan sena a amande lwa elektoral la pou mete ladan n, antwòt, dat manda depite yo ak yon tyè nan senatè yo ap pran fen dapre akò 3 pouvwa yo te siyen nan fen jounen 29 desanm 2014 la. Palmantè yo gen pou vote tou yon seri pwojè-lwa ak pwopozisyon-lwa ki an sispan depi lontan epi ratifye kèk konvansyon entènasyonal.

Nouvèl Ayiti: mad 6 janvye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:08 0:00
Direct link

Yon gwoup senatè opozisyon an deja anonse li pap fasil pou yo vote pou yo kore nominasyon nouvo Premye Minis la paske chwa Misye Paul la se pa rezuilta yon konpwomi.

Yon lòt kote, genyen divizyon pami palmantè yo sou rezon ki eksplike ranvwa seyans lendi 5 janvye a. Depite Sadrac Dieudonne kwè Premye Minis la dwe negosye ak palman an sou kesyon pou konnen ki moun ki pral okipe yon seri pòs nan pwochen gouvènman an, alòske kèk lòt depite -tankou reprezantan sikonskripsyon Cerca Carvajal la, A. Rodon Bien Aime-- kritike plizyè kòlèg ki pran pozisyon sa a. Daprè misye Bien-Aimé, palmantè sa yo pa vle peyi a sòti nan kriz la.

Anfen, Konsèy Sekirite Nasyonzini an anonse, nan jounen lendi 5 janvye 2015 la, l ap voye yon delegasyon fè yon vizit ann Ayiti soti 23 pou rive 25 Janvye 2015 la pou evalye sitiyasyon jeneral la epi ankouraje dewoulman eleksyon nan peyi a.

XS
SM
MD
LG