Accessibility links

Breaking News

Nouvèl Nèf sou Rechèch yo aprè Disparisyon Avyon Air-Azi Vòl 8501 an


Chèchè yo ap pare pou yo kontinye operasyon yo lanse pou eseye jwenn bwat nwa avyon Air Azi, vòl 8501 an.
Chèchè yo ap pare pou yo kontinye operasyon yo lanse pou eseye jwenn bwat nwa avyon Air Azi, vòl 8501 an.

Nan peyi Endonezi, direktè jeneral biwo ki la pou jere operasyon rechèch kap fèt aprè yon avyon te fè aksidan ak tou lè 162 moun ki te abò l yo, fè konnen otorite yo elaji kad operasyon yo nan moman gen siyn ki montre yo pa lwen jwenn bwat nwa avyon an –ki donk, aparèy ki anrejistre kominikasyon ki tap dewoule nan kabin avyon an anvan li te fè aksidan an.

Non direktè a se Henry Bambang Soelistyo. Li fè anons la nan yon konferans pou laprès li bay madi 6 janvye 2014 la, kote li deklare otorite yo ap ouvè yon 2èm zòn priyorite pou rechèch yo nan Lanmè Java a sou kòt peyi a. Avyon Air-Azi a, vòl nò 8501 an, te tonbe nan lanmè sa gen plis pase yon semèn, nan moman li tap travèse yon zòn tanpèt, menm si otorite yo poko detèmine vrè koz aksidan an. Misye Soelistyo fè konnen:

“Nou kòmanse plase tout aparèy ki ka fè rechèch anba dlo nan zòn priyorite kote nap fè rechèch yo. Se konsa tou, plonjè yo ap desann pi ba nan zòn kote rechèch yo ap fèt yo."

Depi kèk jou deja, ekip chèchè yo ap redi pou wè si yo ka rive kote yo panse ké avyon an te tonbe a, paske se nan ké aparèy la bwat nwa sitiye. Nan vil Djakarta, kapital Endonezi, gouvènman an pran desizyon pou li mete kèk otorite an disponiblite aprè nouvèl te parèt pou di avyon Air-Azi-a pat gen otorizasyon pou l vwayaje nan jounen kote vòl la te kite ayewopò a.

XS
SM
MD
LG