Accessibility links

Breaking News

Komemorasyon 211èm Anivèsè Pwoklamasyon Endepandans d Ayiti.


Prezidan Michel Martelly fè deplasman, jedi 1e janvye 2015 la, nan vil Gonayiv kote zansèt peyi a te pwoklame endepandans Ayiti an 1804. Nan okazyon 211èm anivèsè gwo jès istorik sa a, Misye Martelly fè yon diskou kote li anonse popilasyon an 2015 la se pral yon ane elektoral. Lidè ayisyen an ajoute pa gen anyen li pap fè depi se yon bagay ki nan enterè peyi a. Chèf deta a bay konsitwayen l yo konsèy pou yo reflechi byen avan yo vote pou yon kandida.

Pandan Misye Martelly t ap pale nan Gonayiv, plizyè santèn patizan opozisyon an tap manifeste nan lari Pòtoprens pou yo mande demisyon prezidan an. Lapolis te pase alaksyon pou l gaye manifestasyon an nan moman foul la t ap pran direksyon Palè Nasyonal.

Nouvèl Ayiti: vandredi 2 janvye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:42 0:00
Direct link

Yon lòt kote, nan Plato Santral la, Pati Repons Peyizan ki pwòch pouvwa a, reklame plizyè pòs nan pwochen gouvènman consensus la. PRP fè demand sa a nan yon lèt lidè li yo voye bay Prezidan Martelly ak Premye Minis deziye a, Evans Paul.

Anfen, Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, swete peyi d Ayiti ak pèp ayisyen an yon bòn fèt endepandans nan okazyon premye janvye 2015 la ki raple 211èm anivèsè deklarasyon endepandans Repiblik Karayib la nan Gonayiv.
Misye Kerry raple lit ayisyen yo te mennen pou yo te reyalize e rekòlte fwi endepandans la. Sepandan li di jou premye janvye sa a se yon jou pou Ayisyen yo reflechi sou travay ki rete pou fèt pou yo ka reyalize pwomès pwoklamasyon endepandans la.

Yon yon deklarasyon chèf diplomasi Lèzetazini an fè parèt nan okazyon an, li di 2015 se pral yon ane enpòtan pou òganizasyon eleksyon lejislatif yo ann Ayiti. Sekretè Deta a reyafime sa li rele "apui djanm e endefektib Lèzetazini anfavè pèp ayisyen an nan moman ayisyen yo ap batay pou yo bati yon demokrasi ki pi solid e pi dirab pou peyi yo."

Misye Kerry atire atansyon sou relasyon ki makònen pèp ayisyen ak pèp ameriken an depi byen lontan deja --relasyon ki chita sou yon bon jan zanmitay nan bon tan kou nan move move an. Li ajoute: "Jou espesyal sa a se yon okazyon pou n di relasyon innebranlab sa yo ba nou rezon pou n reyafime angajman Lèzetazini pou l rete yon patnè pou yon Ayiti ki pi stab e pi pwospè."

XS
SM
MD
LG