Accessibility links

Breaking News

Avyon « AirAzi », Vòl 8501 an, Te Tonbe nan Lanmè. Sanble Tout Pasaje ak Manm Ekipaj la Mouri.

Vis amiral endonezyen Dwi Putranto (adwat), ap montre pyès avyon an ak yon malèt ki tap flote sou lanmè tou prè zòn kote aparèy AirAzi, vòl no. 8501 la te disparèt dimanch 28 desanm nan. (Foto: Baz ayeryèn Pangkalan Bun, nan Borneo, Endonezi, 30 desanm 2014).

Nan peyi Endonezi, otorite yo di chèchè yo apèsi kèk kadav tou prè sa yo konsidere kòm debri yon avyon AirAzi, vòl no. 8501, ki te gen abò li 162 moun (pasaje ak manm ekipaj) e ki te disparèt pandan yon move tan nan jounen dimanch 28 desanm 2014 la. Imaj ki pase sou televizyon lokal madi montre kèk kadav gonfle, san jilè sovtaj, ki tap flote nan lanmè tou prè Zile Java a kote yon kokenn rechèch sou pye avèk patisipasyon plizyè peyi.

Manm fanmi viktim yo te tonbe kriye e yo youn tap anbrase lòt aprè yo fin wè sou ekran televizyon imaj kadav yo ak debri avyon an ki tap flote. Anplwaye Biwo Rechèch ak Sekou Endonezi a kòmanse rale kadav sòti nan dlo a avèk asistans elikoptè. Yo pa jwenn okenn nan pasajè yo ni manm ekipaj la ki ta vivan.

Chèchè yo te lokalize kadav yo yon ti tan aprè yo te fin dekouvri debri avyon an ; yo jwenn sa ki sanble ak yon jilè sovtaj koulè jonn-abriko, kèk malèt ak yon pòt-sòti dijans koulè blan e wouj, ki se koulè avyon AirAzi a.

XS
SM
MD
LG