Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ameriken George H. W. Bush Antre Lopital


George H. W. Bush (nan mitan), 41èm Prezidan Lèzetazini.
George H. W. Bush (nan mitan), 41èm Prezidan Lèzetazini.

Ansyen prezidan ameriken George H.W. Bush ospitalize nan vil Houston, nan Eta Texas. Yon pòtpawòl biwo Misye Bush la di ansyen lidè a antre nan Lopital Metodis Houston nan apre li te gen difikilte pou l respire. 41e prezidan Lèzetazini an, ki gen 90 zan, se papa yon lòt ansyen prezidan, George W. Bush. Nan mwa desanm 2012, Bush père te antre nan menm lopital la kote li te pase anviwon 7 semèn pou doktè te swaye li pou yon tous ki te makònen ak yon bwonch.

Nan Washington, Lamezon Blanch fè parèt yon deklarasyon ki fè konnen Prezidan Barack Obama resevwa nouvèl la pandan li te an vakans sou Il Awayi. Nòt Lamezon Blanch la presize Misye Obama ak madanm ni, Michelle, voye ve fen dane yo pou Misye Bush ak fanmi l, ak tout souwè pou ansyen prezidan an refè rapidman. George H. W. Bush te Prezidan ant 1989 e 1993. Anvan sa li te pase 8 tan kòm Vis Prezidan sou administrasyon Ronald Reagan nan

XS
SM
MD
LG