Accessibility links

Breaking News

Seyans enpòtan l’ONU sou Dosye Dwamoun Kore di Nò.


Ambasadè britanik la nan l'ONU, Mark Lyall Grant (agoch), ap koute Samantha Power, anbasadè Lèzetazini an, pandan diplomat ameriken an tap pale nan yon seyans Konsèy Sekirite a fè lendi 22 desanm 2014 la sou dosye dwamoun Kore di Nò.
Ambasadè britanik la nan l'ONU, Mark Lyall Grant (agoch), ap koute Samantha Power, anbasadè Lèzetazini an, pandan diplomat ameriken an tap pale nan yon seyans Konsèy Sekirite a fè lendi 22 desanm 2014 la sou dosye dwamoun Kore di Nò.

Diplomat nò-koreyen yo refize patisipe nan yon rankont Konsèy Sekirite l’ONU an kote delege anpil peyi kritike sèvèman dosye dwamoun Pyongyang nan. Nan jounen lendi 22 desanm 2014 la, 11 sou 15 manm konsèy la vote pou yo apiye yon plan ki mande pou yo mete dosye dwamoun Kore di Nò a sou kalandriye diskisyon yo, menmsi 2 manm pèmanan, Larisi ak Lachin, pa dakò.

Nan seyans lendi a, anbasadè Lèzetazini an, Samantha Power, dekri lavi nan Kore di Nò kom yon “kochma popilè”. Daprè diplomat Washington nan, gen dispozisyon Kore di Nò ka pran si l pa vle dosye a diskite nan Konsèy Sekirite a. Abasadè Power di :

« Kore di Nò kapab kòmanse pa respekte rekòmandasyon ki nan yon ankèt yon komisyon te mennen e ki rekonèt vyolasyon dwamoun sistematik ki kontinye fèt nan peyi a ; li dwe kòmanse pa demantle prizon politik yo imedyatman, libere prizonye politik yo, kite obsèvatè dwa moun endepandan yo fè travay yo lib-e-libè, epi fè moun ki responsab pou vyolasyon sa yo rann kont pou aksyon yo. »

Bò kote pa l, pòtpawòl ministè afè etranjè Kore di Sid la, Noh Kwang-Li, pale byen bonè madi pou l di kijan li apresye desizyon Konsèy Sekirite a pran pou l mete dosye dwamoun Kore di Nò a sou le tapi. Misye Noh deklare:

« Nou lanse yon apèl prese-prese bay Kore di Nò pou n mande l respekte egzijans kominote entènasyonal la epi pran dispozisyon ki nesesè pou l kite tout sitwayen nò-kreyen yo jwi libète yo epi egzèse dwa yo kòm kretyen vivan. »

Yon ekip anketè ki te travay pou l’ONU ak Asanble Jeneral òganizasyon an lanse apèl bay tou lè 15 manm Konsèy Sekirite a pou yo pran aksyon pou yo denonse dosye dwamoun Kore di Nò a; youn nan fason yo ka fè sa, se refere dosye a devan Gwo Tribinal Entènasyonal Jistis.

XS
SM
MD
LG