Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Aprè Prezidan Obama ak Castro fin Anonse Chanjman nan Rapò Lèzetazini ak Kiba.


Senatè Marco Rubio (R-Fla), pititgason yon imigran kiben, anvan yon konferans pou laprès. Li deklare inisyativ Prezidan Obama a se yon gwo desepsyon pou li. Foto: Mèkredi 17 desanm 2014, nan Kongrè ameriken an, Washington, D.C. (AP/J. Scott Applewhite).
Senatè Marco Rubio (R-Fla), pititgason yon imigran kiben, anvan yon konferans pou laprès. Li deklare inisyativ Prezidan Obama a se yon gwo desepsyon pou li. Foto: Mèkredi 17 desanm 2014, nan Kongrè ameriken an, Washington, D.C. (AP/J. Scott Applewhite).

Pandan Prezidan Barack Obama tap anonse chanjman administrasyon n nan vle pote nan relasyon Lèzetazini ak Kiba, nan La Avàn, kapital Kiba, Prezidan Raul Castro tap fè yon diskou nan televizyon ak radyo pou l di gen menm dispozisyon sa a tou nan mitan gouvènman kominis li a. Li rann yon omaj piblik pou Prezidan ameriken an ki, daprè li, merite yon gwo kout-chapo nan men pèp kiben an. Misye Castro deklare :

« Desizyon Prezidan Obama a merite rekonesans ak respè pèp nou an. Mwen vle rekonèt apui Vatikan an e di l mèsi pou apui sa a, tou espesyalman Pap Franswa. An menm tan tou, map remèsye gouvènman Kanada a poutèt li te ofri mwayen ki te fasilite negosyasyon nan wo nivo ki te dewoule ant 2 peyi yo. »

Imedyatman aprè Prezidan Obama ak Castro te fin anonse dispozisyon gouvènman yo ap pran pou yo pote kèk chanjman istorik nan relasyon ant Washington ak La Avàn, plizyè lidè byen koni sou sèn mondyal la te pran lapawòl an piblik pou yo di se ak gwo satisfaksyon yo resevwa anons chanjman sa yo. Pami pèsonalite sa yo genyen Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, ak chèf diplomasi Lèzetazini an, John Kerry.

Sepandan, se pa tout reyaksyon yo ki pozitif. Pa egzanp, yon manm Sena ameriken an, Marco Rubio, yon palmantè repibliken Eta Florid ki gen orijin kubèn, fè konnen tout totan se li kap nan tèt komisyon afè etranjè Gran Kò a, kongrè Lèzetazini an pap vote okenn kòb pou apiye chanjman Misye Obama anonse yo, sitou pou fonksyonnman yon anbasad amerikèn nan La Avàn. Palmantè a deklare :

“Chanjman sa yo ta ofri lejitimite pou yon gouvènman ki, san rete e san wont, pa sispann vyole dwamoun. Chanjman sa yo pap pote asistans bay moun gouvènman an ap vyole dwa yo. Se yon lòt konsesyon nou ta fè bay yon tirani. »

XS
SM
MD
LG