Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Aprè yon Atak Taliban Touye Plis Pase 140 elèv lekòl nan Pakistan


Yon seremoni priyè ak antèman pou yon elèv ki te mouri nan atak mouvman Taliban an lanse sou yon lekòl nan Peshawar, Pakistan, madi 16 desanm 2014 la. Lidè relijye a, Siraj-ul-Haq, kanpe adwat (Foto: 17 desanm 2014).
Yon seremoni priyè ak antèman pou yon elèv ki te mouri nan atak mouvman Taliban an lanse sou yon lekòl nan Peshawar, Pakistan, madi 16 desanm 2014 la. Lidè relijye a, Siraj-ul-Haq, kanpe adwat (Foto: 17 desanm 2014).

Yon atak Taliban te lanse, nan jounen madi 16 desanm 2014 la, nan Pakistan, sou yon lekòl lame ap dirije e kote yo touye plis pase 140 elèv, pwovoke reyaksyon tou patou atravè lemond, nan moman manm fanmi viktim kòmanse antere yo. Dènye nouvèl yo fè konnen kantite viktim yo ta preske rive 150, tandiske genyen plis pase 120 blese.

Gwoup ki pran responsablite pou atak la fè konnen se yon revanj pou atak amé gouvènman an lanse kont baz militan rebèl yo nan pwovens Waziristan, nan pati nò peyi a. Misye Fazal Khan, se papa yon elèv 15 zan ki pèdi lavi l nan atak sa a. Misye Khan di :

« Souvan, lè li te ale lekòl, manm fanmi an te konn pale ak li pou nou mande l kilè lap antre lakay. Li pran yon bal nan mitan pwatrin li ak yon lòt nan men l. Ekskize m ; mwen pa ka pale twòp sou sa. »

Premye Minis pakistanè a, Nawaz Sharif, pat pran tan pou l vwayaje nan menm jounen madi a nan vil Peshawar kote ensidan an rive a, pou l konsole sivivan yo ak fanmi viktim yo. Li fè yon vizit tou nan anplasman kote atak la dewoule a. Se pi gwo trajedi konsa ki rive nan peyi a depi plizyè dizèn dane. Misye Sharif fè deklarasyon sa a :

« Mwen panse batay sa a, lagè sa a pral kontinye jiskaske nou fin pa dechouke totalman aktivite teworis nan peyi isit. »

Militan Malala Youzafsai, yon jèn kap defann dwa timoun yo --sitou tifi pakistanèz yo-- pou yo resevwa yon edikasyon e ki te ranpòte Pri Nobèl Lapè a ane sa a, leve lavwa pou l pote apui li bay manm fanmi viktim yo.

“Jounen Jodi a, li lè, li tan pou nou ini nou. Mwen lanse yon apèl bay kominote entènasyonal la, lidè yo nan Pakistan, tout pati politik yo ak tout moun alawonnbadè, pou m di yo: Nou fèt pou n leve kanpe ansanm pou n goumen kont teworism; nou fèt pou n garanti sekirite tout timoun ak dwa egal-ego yo genyen pou yo resevwa pen lenstriksyon an.”

Nan Karachi –toujou nan Pakistan- elèv mete ak etidyan pou yo òganize yon retrèt-o-flanbo pandan nannuit la pou yo onore kanmarad yo ki mouri nan Peshawar. Peyi Tuki dekrete yon jounen dèy nasyonal nan memwa elèv ki viktim yo

XS
SM
MD
LG