Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik / Manifestasyon Opozisyon an Ap Kontinye kont Gouvènman an


Ann Ayiti, Tab Konsètasyon an, ki gen ladan l MOPOD, MONOP ak OTAN, anonse manifestasyon pou madi 16 desanm 2014 la --- 24èm anivèsè eleksyon lidè Pati Fanmi Lavalas la, Jean Bertrand Aristide-- epi pou jedi 18 desanm 2014 la a. Youn nan lidè MONOP yo, André Fadot, ban nou presizyon sou pakou manifestasyon yo, tandiske korespondan nou Clarens Renois, ki reponn kesyon Jean Pierre Leroy, fè lepwen sou manifestasyon yo ak kèk lòt pwen kap domine aktyalite a nan peyi a.

Nouvèl Ayiti pou Jounen Madi 16 Desanm 2014 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:45 0:00
Direct link

Pandansetan, Prezidan Michel Martelly kòmanse rankontre aktè politik yo nan kad aplikasyon rekòmandasyon Komisyon Konsiltatif la ki mande demisyon manm plizyè enstitisyon. Premye Minis Laurent Lamothe te bay demisyon l nan weekenn nan epi manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pwomèt yo pral demisyone an blòk anvan fen semèn nan –nou gen detay avèk konseye elektoral Jean Leopold Berlanger. Bò kote pa l, pwofesè Camille Edouard, yon analis politik ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, kwè egzekisyon rekòmandasyon Komisyon an pa vle di kriz la ap rezoud rapidman ni fasilman.

Anfen, yon òganizasyon charite ki baze Ozetazini kòmanse yon pwogram asistans nan vil Mibalè, nan Plato Santral la, kote lap pote konkou l nan efò kap fèt pou ede timoun ki te viktim tranblemanntè 12 Janvye 2010 la… tandiske nan Pòdepè, Fondasyon Pan-Amerikèn pou Devlopman lanse yon pwojè agrikòl pou amelyore kondisyon lavi peyizan nan Depatman Nòdwès la. Seremoni lansman pwojè sa a dewoule lendi 15 desanm 2014 la, an prezans ofisyèl Lakwa Wouj Ayisyèn, direktè teknik Lakwa Wouj Amerikèn, otorite lokal Pòdepè yo avèk, antwòt, yon delegasyon Asosyasyon Pèyizan Nòdwès yo. Detay avèk respektivman korespondan nou Jean Christophe Collegue (Mibalè) ak Dieuseul Junior Louis (Pòdepè).

XS
SM
MD
LG