Accessibility links

Breaking News

Atak Taliban sou yon Lekòl nan Pakistan: Omwen 130 Moun Mouri


Yon polisye an inifòm ap akonpaye yon gwoup elèv ki sòti nan lekòl Taliban yo atake nan vil Peshawar, nan Pakistan. (Foto: Madi 16 desanm 2014).
Yon polisye an inifòm ap akonpaye yon gwoup elèv ki sòti nan lekòl Taliban yo atake nan vil Peshawar, nan Pakistan. (Foto: Madi 16 desanm 2014).

Nan Pakistan, otorite yo fè konnen militan Taliban yo touye 130 moun nan yon atak yo lanse sou yon lekòl nan vil Peshawar nan nòdwès peyi a -pi fò nan viktim yo se elèv yon lekòl lame ap dirije.

Daprè yon responsab provensyal, militan yo blese plis pase 100 lòt moun nan atak sa a ki dewoule nan jounen madi 16 desanm 2014 la. Daprè sa menm sous la di laprès, atakan yo te abiye avek inifòm militè. Yon pòtpawòl lame a fè konnen fòs sekirite yo touye omwen 6 militan.

Premye Minis pakistanè a, Nawaz Sharif, kondane atanta a e li konsidere li kòm yon trajedi nasyonal. Misye Sharif --ki prese al vizite vil Peshawar nan menm jounen madi a-- deklare gouvenman li a pa pral kite zak sovaj sa a kraponnen li e li pwomèt lame pral kontinye operasyon lap mennen kont militan yo.

Ekstremis ki nan branch Taliban nan Pakistan pran responsabilite pou atak la; yo di se yon zak revanj pou operasyon ame Pakistan lanse kont militan yo nan rejyon kote tribi abite nan pati nodwès peyi a, tou prè fwontyè pakistano-afgan an.

XS
SM
MD
LG