Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik - Demisyon Premye Minis Laurent Lamothe


 Premye Minis demisyonè Laurent Lamothe
Premye Minis demisyonè Laurent Lamothe

Ann Ayiti, Premye Minis Laurent Salvador Lamothe bay demisyon n aprè pwotestasyon ki mache ak vyolans te pete nan peyi a. Nan yon diskou Misye Lamothe fè nan nuit samdi 13 pou leve dimanch 14 desanm 2014 la, li daklare lap kite sa “avèk santiman li akonpli misyon li.”

Manisfestan ki pran lari gen kèk jou depi yo tap reklame demisyon Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis la. Chèf Deta a te gen pou l òganize eleksyon palmantè ak lokal depi nan ane 2011 la; men eleksyon sa yo ranvwaye plizyè fwa poutèt mezantant ki genyen sou lwa elektoral la.

Lidè opozisyon an akize Prezidan Martelly deske lap chache dirije peyi a pa dekrè e yo sispèk palman an ka apwouve yon lejislasyon nan sans sa a, menmsi sa ka bay gouvènman an kèk avantaj ilegal.

Intèvyou C. Renois ak L. Desmarattes sou Demisyon PM Laurent Lamothe
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:42 0:00
Direct link

Nan Pòtoprens, kapital la, manifestasyon anti-gouvènmantal ap dewoule depi kèk semèn deja. Laprès rapòte yon nèg mouri nan jounen samdi 13 desanm nan. Sepandan korespondan nou Clarens Renois –ki reponn kesyon Lyonel Desmarattes sou aktyalite a an Ayiti pou weekend nan-- fè konnen lanmò sa a pa gen okenn rapò ak pwotestasyon yo. Clarens di tou pa gen okenn siyn ki ta montre gouvènman an ak òganizatè manif yo ap pran dispozisiyon pou yo obsève yon trèv pandan sezon fen dane a, jan sa konn fèt lè gen latwoublay ak dezòd nan peyi a.

Demisyon Premye Minis Lamothe la se youn nan rekòmandasyon ki nan yon rapò yon komisyon konsiltatif prezidansyèl te fè kòm eleman yon solisyon pou kriz politik la aprè 8 jou travay. Nan rekòmandasyon komisyon an fè yo, genyen tou fòmasyon yon lòt Konsèy Elektoral Pwovizwa ak liberasyon prizonye politik yo.

XS
SM
MD
LG