Accessibility links

Breaking News

Ayiti Pare pou Plis Manifestasyon e Lap Tann Mesaj Prezidan Martelly sou Rapò Komisyon Konsiltatif la


Prezidan Martelly ki tap resevwa rapò a nan men kowòdonatè komisyon an, Doktè Réginald Boulos. (Foto: HPN/Clarens Renois--9 desanm 2014).
Prezidan Martelly ki tap resevwa rapò a nan men kowòdonatè komisyon an, Doktè Réginald Boulos. (Foto: HPN/Clarens Renois--9 desanm 2014).

Mouvman pwotestasyon opozisyon politik la ap pran yon lòt dimansyon vandredi 12 ak samdi 13 desanm 2014 la kote manifestan yo pral kontinye egzije demisyon Prezidan Martelly ki gen pou l prezante devan peyi a, nan jounen vandredi a, pozisyon li sou rekòmadansyon ki nan rapò Komisyon Konsiltatif Prezidansyèl la. Rekòmandasyon sa yo mande, antwòt, demisyon Premye Minis la ak prezidan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) .

Pandansetan, reyaksyon depaman kontinye sòti nan palman an sou prensipal rekòmandasyon ki nan rapò komisyon an te remèt Prezidan Repiblik la nan dat madi 9 desanm 2014 la. Daprè palmantè ki pwòch pouvwa a, dwe genyen yon dyalòg enstitisyonèl alòske lòt palmantè yo kontinye egzije depa ekip gouvènmantal an plas la. Korespondan nou nan Pòtoprens Orpha Dessources gen deklarasyon yon senatè ak 2 depite sou dosye a.

Nouvèl Ayiti pou Jounen Vandrdi 12 Desanm 2014 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:15 0:00
Direct link

Lòt reyaksyon sou rapò Komisyon konsiltatif Prezidansyèl la soti nan Depatman Sid peyi a kote korespondan nou, Jean Hernts Eliscar, genyen pozisyon Senatè Fritz Carlos Lebon ak Prezidan Federasyon Bawo d Aayiti a, Mèt Carlos Hercule.

Anfen, kominote entènasyonal la, bò kote pa l, ap suiv de prè aktyalite a ann Ayiti. Nan sans sa a konseye Depatman Deta pou Afè Emisferik yo, Thomas Shannon, rankontre jedi 11 desanm 2014 la avèk lidè 4 pati politik --Fusion, OPL, KID ak Respè-- pou l te gen enpreyson yo sou rapò Komisyon Konsiltatif la remèt Prezidan Martelly nan kòmansman semèn nan. Sekretè Jeneral “Fusion” an, Enjenyè Rosemond Pradel ki te nan rankont sa a, pataje reyaksyon li avèk Lavwadlamerik. Mesye Pradel fè nou konnen diplomat Shannon te rankonte avan sa ak manm Komisyon Konsiltatif la.

--------------------------------------------------------------------------------------

* Yon nòt pou laprès ki sòti nan Biwo Kominikasoyn Prezidans la di Prezidan Michel Martelly pral mete devan pèp la, vandredi 12 desanm 2014 la a 4 trè nan apremidi, pozisyon li sou rekòmandasyon Komisyon Konsiltatif la.

XS
SM
MD
LG