Accessibility links

Breaking News

Defans Agresif Direktè CIA a kont Akizasyon Kriminèl ki nan yon Rapò Sena a


Direktè Ajans Santral Ransèyman Lèzetazini an (CIA), John Brennan, ki tap pale ak laprès pandan yon konferans pou laprès li bay nan katyejeneral CIA a nan Eta Vijini, tou prè Washington. D.C. (Foto: 11 desanm 2014).
Direktè Ajans Santral Ransèyman Lèzetazini an (CIA), John Brennan, ki tap pale ak laprès pandan yon konferans pou laprès li bay nan katyejeneral CIA a nan Eta Vijini, tou prè Washington. D.C. (Foto: 11 desanm 2014).

Direktè Ajans Santral Ransèyman Lèzetazini an (CIA), John Brennan, itilize kèk pawòl piman bouk pou l defann ajans la kont sila yo ki akize CIA deske li te kraze zo prizonye ki te fèmen nan kacho sekrè pou aktivite teworis pou fòse yo pale. Misye Brennan di metòd entèwogatwa sa yo te ede ajans la dejwe atak teworis ki tap prepare kont Lèzetazini.

Nan yon konferans pou laprès an dirèk direktè CIA a bay nan katye jeneral ajans la jedi 11 desanm 2014 la, li rekonèt sa li rele “kèk tèknik fewòs e menm revòltan” te sèvi kont moun yo te sispèk kòm teworis aprè atak ki te fèt sou Lèzetazini nan dat 11 septanm 2001 yo. Sepandan, se a 100 pou 100 li defann pwogram entèwogatwa sa a; paske, daprè sa l di : ”CIA te jwenn enfòmasyon itil e valab aprè li te itilize sa Misye Brennan rele an anglè “Enhanced Interrogation Techniques” oubyen « Teknik Entèwogatwa Ranfòse ».

Direktè CIA a bay presizyon sa a:

“Relasyon koz-a-efè ant aplikasyon teknik sa yo ak enfòmasyon nou te fin pa jwenn finalman, se yon bagay moun pa konnen e pèsonn pa ka konnen. Sepandan, pou yon moun rete l di nou pat jwenn okenn enfòmasyon valab, okenn enfòmasyon itilizab, nan men prizonye yo yon fwa nou te itilize teknik yo sou yo, mwen panse yon pawòl konsa pa genyen okenn fondman ditou-ditou.”

Pi bonè nan semèn nan, sena ameriken an te pibliye yon rapò ki te bay detay sou fason ajan CIA ki tap entèwojè prizonye yo te sispèk kòm teworis yo, te sèvi ak metòd entèwogatwa brital –pami yo genyen teknik kote yo te vide dlo sou tèt yo pandan lontan pou fè yo santi kòmsi yo tap neye, fòse manje antre anndan yo pa anba, oubyen fè menas kòmsi yo ta pral egzekite yo.

Misye Brennan te refize reponn kesyon a savwa si li konsidere teknik sa yo kòm zak “torture” (zak kraze zo), menm si li di gen yon sèten kantite ajan CIA ki te depase limit règleman yo tandiske kèk lòt, daprè li, te komèt abi sou prizonye yo.

XS
SM
MD
LG