Accessibility links

Breaking News

Pèsonalite Ane a pou Time Magazin : Se Tout moun Kap Lite Kont Epidemi Ebola


Time magazine nonmen "Pèsonalite Ane 2014 la" : Se tout pwofesyonèl lasanta kap lite kont epidemi ebola a ki deja touye plis pase 6 mil 300 moun. Li rann omaj pou kouraj yo ak konpasyon yo nan dat 10 desanm 2014 la.
Time magazine nonmen "Pèsonalite Ane 2014 la" : Se tout pwofesyonèl lasanta kap lite kont epidemi ebola a ki deja touye plis pase 6 mil 300 moun. Li rann omaj pou kouraj yo ak konpasyon yo nan dat 10 desanm 2014 la.

Magazin ameriken Time nonmen « pèsonalite ane a » pou 2014 la kòm li fè sa chak ane. Distenksyon an al jwenn tout moun ki angaje nan lit kont epidemi ebola a. Redaktè Magazin nan, Nancy Gibbs di :

"Tout doktè ak enfimyè ki montre kouraj ak konpasyon san yo pa janm fatige e ki riske pwòp vi yo pou yo sove lavi lòt moun, menm si nan kèk ka, yo menm tou, yo ka trape ebola. "

Time anonse chwa li pou ane 2014 la nan jounen mèkredi 10 desanm nan, swa menm jou kote OMS (Oganizasyon Mondyal Lasante) revele yon nouvèl otorite yo te kache e ki fè konnen plizyè douzèn moun mouri anba epidemi an nan yon komin ki nan pati lès peyi Syera Leyòn. Nan menm jounen mèkredi a, pòtpawòl OMS la, Margaret Chan, admèt tou premye repons òganizasyon an pou epidemi an pat koresponn ak defi ki te poze yo.

« Sekirite sante moun atravè lemond repoze sou yon fondasyon ki dwe solid anpil : se sekirite sante nasyonal la, mete sou kapisite, zouti ak kapasite pou detekte pwoblèm yo bonè. Se egzakteman sa nou bezwen. »

Espesyalis yo lanse avètisman pou di, malgre gwo efò ministè lasante yo ak gwoup asistans ap deplwaye, se pa tout moun ki malad ak ebola nan Afrik de Lwès ki izole e ki resevwa tretman kòmsadwa, e sa ogmante risk pou virus la kontinye pwopaje. Syera Leyòn rapòte 397 nouvo ka nan semèn ki fini nan dat 7 desanm pase a ; se 3 fwa plis pase peyi Gine Konakri ak Liberya mete ansanm.

XS
SM
MD
LG