Accessibility links

Breaking News

Mesaj Sekretè Deta John Kerry sou Amerik Latin nan


Mesaj Sekretè Deta John Kerry sou 20èm Anivèsè Somè dè Zamerik la.
Mesaj Sekretè Deta John Kerry sou 20èm Anivèsè Somè dè Zamerik la.

Sekretè Deta John Kerry fè yon deklarasyon konsènan peyi nan Amerik Latin nan ak Karayib la pandan jounen mèkredi 10 desanm 2014 la anvan li tanmen yon toune 2 jou (jedi ak vandredi) nan rejyon an. Chèf diplomasi Lèzetazini an di gen pwogrè ki fèt nan peyi sa yo, espesyalman nan domèn ekonomik la.


”Pandan 10 ane ki pase yo, ekonomi peyi latino-ameriken ak karayib yo anrejistre yon kwasans ak yon to 4 pou san chak ane. Revni yo ap ogmante; innegalite ap diminye; e gwo eka ki separe moun rich yo ak moun pòv yo ap redui ak yon vitès ki pi rapid pase nan lòt rejyon, menmsi eka sa a toujou twò gwo.”

Mesaj Sekretè Deta John Kerry sou Amerik Latin nan ak Karayib la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:09 0:00
Direct link

Sekretè Deta Kerry pale konsa pandan li tap bay detay sou priyorite Lèzetazini konsènan demokrasi ak respè dwamoun nan okazyon 20èm anivèsè Somè dè Zamerik la.

Ou ka koute yon vèsyon “audio” repòtaj sa a avèk Ronald Cesar.

XS
SM
MD
LG