Accessibility links

Breaking News

Vizit Sanzatann Minis Defans Lèzetazini an nan peyi Irak


Minis Defans ameriken an, Chuck Hagel, ki tap salye twoup militè ameriken yo ann arivan l nan Kan Buehring, nan Kowèt, lendi 8 Desanm 2014 avan li t ale Bagdad.
Minis Defans ameriken an, Chuck Hagel, ki tap salye twoup militè ameriken yo ann arivan l nan Kan Buehring, nan Kowèt, lendi 8 Desanm 2014 avan li t ale Bagdad.

Minis Defans Lèzetazini an, Chuck Hagel, twouve l nan Irak pou l rankontre ak Premye Minis Haider al-Abadi ak kòmandan militè ameriken ki nan peyi a. Misye Hegel fè deplasman sa a 4 mwa aprè Lèzetazini te lanse kanpay atak ayeryen kont militan gwoup Eta Islamik la.

Aprè chèf Pentagòn nan te debake nan Bagdad pou yon vizit otorite 2 peyi yo pat anonse davans, li pran lapawòl devan yon gwoup 200 sòlda ameriken ak ostralyen pou l di : “ A la fen dè fen, se travay peyi Irak pou l defann tèt li e fè sa k nesesè pou l rete kanpe sou 2 pye li.” Misye Hagel konpare Irak ak Afganistan pou l di kisa otorite yo nan Bagdad kapab fè pou yo pran desten peyi yo an men.

“Menm jan ak ann Afganistan, Irakyen dwe di se peyi yo, se yo ki pou dirije operasyon yo; se yo ki pral gen pou travay pou bay rezilta final yo. Nou kapab ede, nou kapab antrene, nou kapab bay asistans nou; nou kapab bay konsèy. E se sa nap fè, nap apiye yo. Men travay pou fòme yon gouvènman ki bay tout moun yon plas bò tab la, yon gouvènman tout moun fè konfyans, se yon bagay ki pral trè-trè zenpòtan nan lavni. E se travay irakyen yo, yo menm. “

Pandan Misye Hagel tap pale nan jounen lendi 8 desanm nan anvan li t ale Bagdad, li te fè konnen fòs militè irakyen yo genyen yon nouvo van nan vwal yo nan moman yap travay pou yo repran tèritwa gwoup Eta Islamik la te sezi nan pati nò ak lwès Irak pi bonè ane sa a.

XS
SM
MD
LG