Accessibility links

Breaking News

Piblikasyon yon Rapò Sena Ameriken an sou Metòd Entèwogatwa CIA


Jounalis antoure Prezidan Komisyon Sèvis Sekrè Sena a, Dianne Feinstein, (D-Calif) pou poze l kesyon sou rezon ki fè se kounye la a komisyon an ap pibliye rapò a. (Foto: AP/Manuel Balce Ceneta, Dosye).
Jounalis antoure Prezidan Komisyon Sèvis Sekrè Sena a, Dianne Feinstein, (D-Calif) pou poze l kesyon sou rezon ki fè se kounye la a komisyon an ap pibliye rapò a. (Foto: AP/Manuel Balce Ceneta, Dosye).

Sena ameriken an pibliye, madi 9 desanm 2014 la, yon rapò sou metòd CIA te itilize pou l entèwoje moun li te sispèk kòm teworis aprè atak 11 septanm 2001 yo. Prezidan komisyon sèvis sekrè Sena a, Madam Dianne Feinstein (yon palmantè Demokrat Eta Kalifòni), pale apre piblikasyon dokiman an ki genyen yon afè de 6 mil paj.

Senatè Feinstein di, pami teknik entèwogatwa CIA te itilize yo, te genyen, pa egzanp, dispozisyon pou anpeche moun dòmi, fèmen yo nan yon ti kacho tou piti pandan lontan, ak plonje tèt yo anba dlo pou fè yo pale --yon teknik ki fè yon moun santi kòm si lap neye.

Daprè Senatè Feinstein toujou, genyen nan teknik yo ki depase lontan limit sa Prezidan George W. Bush --ki te sou pouvwa nan epòk la-- te otorize CIA. Yon fwa Prezidan Barack Obama te rive nan La Mezon Blanch, li te entèdi mòd pratik sa a.

Se premye piblikasyon dokimanté ki montre teknik CIA te konn itilize pou l tòtire sispèk gwoup teworis al-Kayda a pandan sa k rele swa dizan « lagè kont teworism nan ». Manm administrasyon Obama a gen krent pou rapò sa a pa vin ankouraje moun komèt zak vyolans kont enterè Lèzetazini atravè lemond. Josh Earnest, pòtpawòl La Mezon Blanch, bay opinyon li sou dosye a.

« Administrasyon an gen kèk mwa deja depi lap prepare l pou piblikasyon rapò sa a. Genyen siyn ki montre piblikasyon rapò a kapab debouche sou yon pi gwo risk pou enstalasyon Lèzetazini ak sitwayen ameriken atravè lemond. Alòs, administrasyon an pran dispozisyon pridan pou l garanti li mete an plas prekosyon ki nesesè nan enstalasyon Lèzetazini yo atravè lemond. »

Pòtpawòl La Mezon Blanch la ajoute Prezidan Barack Obama gen konviksyon li enpòtan pou pèp ameriken an konnen klèman e egzatteman kisa k te pase malgre risk posib ki poze pou enterè Lèzetazini. Sepandan, ansyen Vis Prezidan sou administrasyon George W. Bush la, Dick Cheney, defann aksyon CIA a nan yon entèvyou li bay jounal New York Times.

Misye Cheney --ki se youn nan pi gwo patizan teknik CIA te itilize yo-- fè konnen li pat janm panse, menm yon sèl fwa, ajans la te kache enfòmasyon pou gouvènman Bush la pat konnen sa k tap pase jan rapò a di sa-a; epi dayè, pwogram nan te jwenn otorizasyon Depatman Jistis Lèzetazini an. Ansyen Vis Prezidan an kontinye pou l di ajan CIA ki te reyalize pwogram nan merite dekorasyon e non pa kritik.

Anfen, ansyen direktè CIA, Michael Hayden, bò kote pa l, rejte pawòl kap di ajans la te bay manti sou pwogram nan. Li ensiste pou l di, le fèt ke otorite ameriken yo pibliye yon rapò konsa, sa pral fè peyi ki te kowopere ak Lèzetazini nan le pase nan lit Washington ap mennen kont teworism nan, pral ezite pou yo bay kolaborasyon yo nan lavni.

XS
SM
MD
LG