Accessibility links

Breaking News

Vizit Prens William ak Dichès Kate Ozetazini


Prezidan Obama ak Prens William pandan yon rankont nan salon oval La Mezodn Blanch, lendi 8 desanm 2014 la.
Prezidan Obama ak Prens William pandan yon rankont nan salon oval La Mezodn Blanch, lendi 8 desanm 2014 la.

Prens britanik William rankontre, lendi 8 desanm 2014 la, ak Prezidan ameriken an, Barack Obama, nan Lamezon Blanch . Nan konvèsasyon 2 ofisyèl yo te genyen, nouvèl yo fè konnen yo te gen pou abòde avni Wa Angletè a ak komès ilegal kap fèt ak espès sovaj yo. Apre rankont Prens William ak Prezidan Obama, eritye kouwòn britanik la genyen pou l fè yon diskou nan katye jeneral Bank Mondyal la nan Washington.

Prens William ak madanm ni, Kate, te rive New York dimanch 7 desanm nan pou yon vwayaj 3 jou Ozetazini. Nan menm jounen lendi a, koup wayal la ap gen pou li ale nan Barclays Center, nan Brooklyn (New York) kote yo pral asiste yon match baskètbòl pwofesyonèl (NBA) kap mete fas a fas Clevland Cavaliers (ekip super Star LeBron James nan) ak seleksyon lokal la, Brooklyn Nets .

Pandan vizit sa a, Prens William ak Dichès Cambridge la, Kate, ap rankontre plizyè gwo pèsonalite nan sosyete amerikèn nan. Pa egzanp, ansyen Sekretè Deta Etazini Hillary Clinton ak pititfi li, Chelsea, ki pral akonpaye koup wayal la nan yon resepsyon nan vil New York.

XS
SM
MD
LG