Accessibility links

Breaking News

Apèl Oganizasyon Imanitè an Favè Plizyè Santèn Milye Refijye Siryen


Refijye kap pwotetse devan biwo Wo Komisarya Nasyon Zini pou Refijye a nan Bewout, peyi Liban.
Refijye kap pwotetse devan biwo Wo Komisarya Nasyon Zini pou Refijye a nan Bewout, peyi Liban.

30 òganizasyon asistans imanitè mande kominote entènasyonal la resevwa yon afè de 180 mil sitwayen siryen ki fèk kouri kite peyi yo pou yo chape anba lagè. Ajans Nasyon Zini pou Refijye a pral òganize yon konferans madi 2014 la, nan vil Jenèv, nan peyi Laswis, pou patisipan yo diskite sou fason pou yo ede yon afè de 3 milyon 200 mil refijye siryen jwenn yon peyi pou yo rete.

Anvan konferans sa a, ajans l’ONU an –ki tap pale de dosye a nan jounen lendi a- fè konnen fòk kèk peyi aksepte resewva omwen 5 pousan nan refujye sa yo --- e non pa 2 pou san, ki se chif l’ONU te anonse anvan. Konsa, non sèlman yo tap ede peyi Siri, men se tap yon koutmen tou pou peyi vwazen li yo kap redi pou yo satisfè demand yo resevwa pou yo aksepte chak jou plis moun kap kouri pou lagè a nan Siri.

XS
SM
MD
LG