Accessibility links

Breaking News

Nouvo Avètisman Depatman Deta sou Vwayaj nan Peyi d Ayiti


Depatman Deta pibliye yon avi pou l enfòme sitwayen ameriken ki konte vwayaje Ayiti ou k ap viv nan peyi a deja pou l atire atansyon yo sou mank bon jan enstalasyon medikal dijans e sou sitiyasyon sekirite a nan peyi a. Anons sa a ranplase ki te parèt nan dat 12 mas 2014 la e li vin rafrechi enfòmasyon Depatman Deta genyen sou kalte risk sitwayen ameriken yo ka konfonte ann Ayiti.

"Depatman Deta bay sitwayen ameriken yo konsèy pou yo fèt atansyon, pou yo veyatif e pridan lè yap vizite Ayiti akoz feblès enfrastrikti dijans yo. Plizyè santèn milye ameriken vizite Ayiti an tout sekirite chak ane; men yo dwe pran an konsiderasyon karaktè chanjan risk yap kouri lè yo gen pwojè ale ann Ayiti. Depatman Deta ankouraje vwayajè yo itilize sèvis òganizasyon ki genyen bon opsyon evakyasyon ak bon jan apui medikal an plas.

Enfrastrikti jestyon sekou dijans yo frajil toujou ann Ayiti. Enstalasyon medikal yo --pami yo, sèvis anbilans-- espesyalman fèb. Sitwayen ameriken ki blese nan aksidan ak sila yo ki gen pwoblèm sante grav, konn pa kapab jwenn sou plas swen medikal ki nesesè e yo konn oblije demele yo kou mèt Janjak pou yo peye frè deplasman rapid yo nan direksyon Lèzetazini. Nou ankouraje ak tout fòs vizitè k ap vwayaje al Ayiti pou yo genyen yon asirans evakyasyon. Kidnaping bese anpil-anpil nan peyi a; pou ane 2014 la se yon sèl sitwayen ameriken anbasad Etazini nan Pòptoprens rapòte, e kalte krim sa yo bese anpil depi ane 2011.

Men, pandan gouvènman ayisyen an fè pwogrè nan efò pou arete e dejwe operasyon moun kap komèt zak sa yo, nenpòt moun ki ann Ayiti --pi espesyalman sila yo ki rezide a lontèm nan peyi a—kapab viktim kidnaping (alèvman) pou lajan (ranson). Depatman Deta egzòte sitwayen ameriken yo pou yo sonje li posib pou moun komèt vòl sou yo, espesyalman nan rejyon Pòtoprens la, sitou apre yo fin kite ayewopò a.

Sòt nan mwa me pou rive nan mwa oktòb 2014, 64 ka vòl te fèt sou sitwayen ameriken touswit apre yo te fin kite ayewopò a; yon ogmantasyon zak sa yo posib nan sezon fèt fen dane a, swa sòt nan mwa novanm pou rive joudlan an. 3 nan zak vòl sa yo te debouche sou lanmò sitwayen ameriken yo. Nan preske tout ka yo siyale anbasad amerikèn nan, viktim yo sete sitwayen ameriken ki gen orijin ayisyen e ki t al vizite fanmi ak zanmi yo.

Depatman Deta rekòmande sitwayen ameriken yo pou yo fè moun kote y ap desann nan oubyen òganizasyon ki mete vwayaj la soup ye, al chache yo nan ayewopò jou y ap debake a oubyen fè aranjman ak otèl kote y ap desann nan voye chache yo ayewopè pou mennen yo nan otèl, epitou pou yo pa di pèsonn abò avyon an ki kote y ap desann, ni ki pwogram yo pandan sejou yo ann Ayiti. Depatman Deta a mande sitwayen ameriken yo tou pou yo pran prekosyon sizoka yo ta genyen pou yo ale labank nan vil Pòtoprens. "

Sete kèk ekstrè nan yon avètisman sou vwayaj Depatman Deta Lèzetazini pibliye pou sitwayen ameriken ki gen plan vwayaje ann Ayiti. Pou plis enfòmasyon, jete yon kout je sou ralonj sa a:
http://travel.state.gov/content/passports/english/country.html

XS
SM
MD
LG