Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik : Opozisyon an ap Repran Lari Vandredi 5 Desanm 2014 la


Nan peyi d Ayiti, opozisyon an ap manifeste ankò nan jounen vandredi 5 desanm 2014 la nan Pòtoprens. Sepandan, fwa sa a, mouvman an ap genyen 2 branch: MOPOD (Mouvman Opozisyon Demokratik la) ki kontinye reklame demisyon Premye Minis Laurent Lamothe ak Prezidan Michel Martelly ; epi Fanmi Lavalas kap mande jistis pou patizan li ki te viktim 5 desanm 1990 nan moman ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide tap mennen kanpay.

Nouvèl Ayiti pou Jounen vandredi 5 Desanm 2014 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:01 0:00
Direct link

Pandansetan, Komisyon Konsiltativ prezidansyèl ki gen pou fè rekòmandasyon bay prezidan Martelly sou mwayen pou wete peyi a nan kriz elektoral la, preske rive nan bout misyon l kap pran fen nan wikenn sa a. Epi Premye Minis Laurent Lamothe rankontre ak manm ANMA (Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen yo) pou yo te abòde antwòt, kriz politik la.

Jacquelin Bélizaire abòde kesyon sa yo ak korespondan nou nan Pòtoprens, Clarens Renois .

---------------------------------------------------------

Nouvo Sèvis sou Aplikasyon ak Livrezon Paspò

Yon lòt kote, korespondan nou Orpha Dessources fè nou konnen dirijan Ministè Enteryè ak Direksyon Imigrasyon e Emigrasyon lanse, nan jounen jedi 4 desanm 2014 la, yon nouvo sèvis ki pral pemèt yo amelyore kalite sèvis yap bay kontribyab yo nan zafè aplikasyon pou paspò ak livrezon dokiman vwayaj sa a.

XS
SM
MD
LG