Accessibility links

Breaking News

Nan New York, Lidè Dwa Sivik yo ap Mande Jistis pou Eric Garner


Rev. Al Sharpton ap pale bò kote Gwen Carr, manman Eric Garner (agoch), Esaw Garner, madanm Eric (mitan) ak Emerald Garner, pititfi Eric (2èm adwat) nan katye jeneral National Action Network nan New York mèkredi 3 desanm 2014 la.
Rev. Al Sharpton ap pale bò kote Gwen Carr, manman Eric Garner (agoch), Esaw Garner, madanm Eric (mitan) ak Emerald Garner, pititfi Eric (2èm adwat) nan katye jeneral National Action Network nan New York mèkredi 3 desanm 2014 la.

Nan vil New York, nan pati nòdès Lèzetazini, mouvman pwotestasyon dewoule tou patou nan jounen mèkredi 3 desanm 2014 la aprè yon jiri fin akite yon polisye blan ki anba akizasyon deske li te toufe yon sitwayen nwa li tap arête e ki pat ame, jiskaske li touye l, nan mwa jiyè pase-a. Non viktim nan se Eric Garner e polisye a rele Daniel Pantaleo.

Kèk èdtan aprè jiri a te pran desizyon an, plizyè dizèn moun te sòti sou yon plas piblik popilè, Times Square, pou yo manifeste. Aksyon foul la te oblije lapolis fèmen antre ki mennen sou Rockefeller Plaza a kote otorite yo te genyen pou limen ab de nwèl tradisyonèl la. Plizyè douzèn manifestan te enstale kò yo nan yon sòti sistèm tren ki rele Grand Central Terminal kote yo te òganize yon seremoni an silans pou denonse sa k pase a. Youn nan manifestan sa yo, Raquel Griffin, deklare:

« Otorite yo fèt pou konnen gen moun kap swiv bagay yo ak gwo enterè e sa k pase a pa jist. Vil sa a rele New York, e sa k pase lòt kote, pa kapab pase isit la … »

Desizyon jiri a pran pou l di li pa jwenn polisye Pantaleo koupab la, se yon desizyon ki vini mwens ke 2 semèn aprè yon gran jiri nan eta Missouri, nan pati santral Lèzetazini, te refize jwenn koupab tou yon lòt polisye blan ki te touye anba koutzam yon jenn nwa ki potko gen 20 tan pandan yo te nan yon konfwontasyon nan Lari. Polisye New York la fè parèt yon deklarasyon mèkredi pou l di li regrèt sispèk la mouri e se pa eksprè li fè li koze lanmò li. Madanm viktim nan, Esaw Garner, rejte deklarasyon sa a nan yon konferans pou laprès li bay ansanm avèk yon defansè dwa minorite yo Ozetazini, Reveran Al Shapton. Madam Garner di :

« Mwen di non, non e non ankò. Lè pou moun te gen remò a, se lè mari m tap rele pou l di : « map toufe, map toufe, map toufe. » Se lè sa a pou polisye a te montre yon ti kras remò kèlkonk, oubyen montre li gen konsiderasyon pou lavi yon lòt kretyen vivan parèy li. Se lè mari m te rele 11 fwa pou l di : « Nap toufe m, nap toufe m. » Alòs, pa gen anyen polisye sa a --oswa priyè li-menm oubyen nenpòt ki lòt moun ka fè-- ki kapab chanje sitiyasyon an. »

Nan Washington, Prezidan Barack Obama pat pran tan pou l reyaji aprè anons desizyon jiri a. Li fè konnen li byen konprann fristrasyon ki lakay anpil sitwayen nwa-ameriken poutèt otorite lapolis yo pa travay avèk yo, ni yo pa trete yo yon fason ki jist e onèt. Misye Obama deklare :

“Nan kèk ka, se petèt pa toujou vrè verite a; men nan kèk lòt ka, se la reyalite. E se devwa nou tout kòm ameriken --kèlke swa ras nou, koulè nou, kote nou moun, relijyon nou-- se devwa nou pou n rekonèt bagay sa a se yon pwoblèm ameriken e non pa yon pwoblèm nwa, yon pwoblèm moun koulè klè, yon pwoblèm endyen-ameriken; se yon pwoblèm ameriken, pwen final. Lè, nan peyi sa a, yo pa trete yon moun avèk ekite, ak jistis, jan lalwa mande sa a, sa poze yon pwoblèm ; e se travay mwen, an tan ke prezidan, pou n ede rezoud pwoblèm sa a. »

Bò kote pa l, Majistra vil New York, Bill de Blasio, di jounen mèkredi 3 desanm 2014 la se « yon jou ki chaje ak emosyon pou lafanmi Garner e pou tout New Yorkè », pandan li rekonèt gen anpil moun ki pa dakò ak desizyon jiri a.

XS
SM
MD
LG