Prezidan ameriken an, Barack Obama, lanse yon apèl prese-prese bay Kongrè Lèzetazini an pou l mande yon fon dijans 6 Milya 200 milyon dola pou konbat epidemi ebola a; prezidan an ta renmen wè palmantè yo apwouve demand sa a anvan yo mete fen nan travay yo pou vakans fen dane yo ki pral rive nan kèk semèn sèlman. Misye Obama deklare:
« Nou pap kapab elimine Ebola san n pa depanse plis lajan. Si nou ta renmen wè lòt peyi ogmante kontribusyon yo, se nou k pou bay egzanp la. Se poutèt sa a map mande Kongrè a apwouve yon demand pou yon fon-dujans ki ka ede n konbat maladi-a anvan palmantè yo pran vakans pou fèt fen dane a. Se tap yon bèl kado nwèl pou pèp ameriken an e pou lemond... »
Prezidan Obama, ki pale konsa pandan li te nan lokal Enstiti Nasyonal Lasante a nan Eta Maryland, tou prè vil Washington, ajoute se avèk plezi li pran nouvèl ki fè konnen itilizasyon yon vaksen eksperimantal pa pwovoke okenn efè segondè sou moun ki eseye l pandan premye faz tès klinik yo. Li atire atansyon sou le fèt ke jiskaprezan pyès lòt medikaman kont maladi ebola a pa bay rezilta sa a.