Accessibility links

Breaking News

Peyi Irigwe gen yon Nouvo Prezidan: Tabaré Vàsquez


Tabaré Vàsquez, kandida Pati Fwon Elaji ki sou pouvwa a nan Irigwe, ap selebre laviktwa nan Montevideo nan fen jounen dimanch 30 novanm 2014 la. (Foto: AP/Matilde Campodonico).
Tabaré Vàsquez, kandida Pati Fwon Elaji ki sou pouvwa a nan Irigwe, ap selebre laviktwa nan Montevideo nan fen jounen dimanch 30 novanm 2014 la. (Foto: AP/Matilde Campodonico).

Nan Irigwe, kandida pati ki sou pouvwa a, Tabaré Vàsquez, ranpòte fasilman 2èm tou eleksyon prezidansyèl ki dewoule dimanch 30 novanm 2014 la.

Misye Vàsquez, ki gen 74 zan, se yon onkolojis, sa vle di yon espesyalis nan zafè kansè. Vikitwa li a vin pwolonje pouvwa yon kowalisyon ki gen tandans gochis e ki te ede legalize maryaj ant 2 moun ki gen mènm sèks ; se konsa tou, kowalisyon an te rive fè Irigwe tounen premye peyi nan le mond kote leta dirije yon mache marijuana.

Advèsè li a, Lacalle Pou ki gen 41 nan, te pwomèt pou l defèt pifò nan plan ki te ka bay gouvènman an pouvwa pou l reglemante pwodiksyon, distribisyon ak lavant marijuana sou yon echèl nasyonal. Pwojè sa a toujou sou lis pou yo mete l ann aplikasyon.

XS
SM
MD
LG