Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Anpil Moun Pare pou Tande Mesaj Prezidan Michel Martelly ap Fè sou Kriz Politik la


Prezidan Michel Martelly (Foto achiv)
Prezidan Michel Martelly (Foto achiv)

Ann Ayiti, popilasyon an pare pou l tande mesaj prezidan Michel Martelly ap mete devan pèp la pou eksplike fason li kwè yo ka rezoud kriz politik la.

Pòt pawòl prezidans la, Lucien Jura, fè konnen egzektif la ap pran an konsiderasyon rekòmandasyon klas politik la e sosyete sivil la fè l pandan seri konsiltasyon li te kòmanse 22 septanm 2014 la.

Mesaj sa a ap fèt malgre lidè ayisyen an pa rankontre 5 pati nan opozisyon an: Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la ( MOPOD), Ayisyen pou Ayiti, Inite, Fusion Socio Demokrat yo ak Kontra Pèp la. Pati sa yo poze yon seri kondisyon, tankou prezans yon entèmedyè, liberasyon sipòtè yo ki fèmen nan prizon, avan yo fè chita-tande ak chèf leta a. Pòt pawòl prezidans la, Lucien Jura, di li pa wè rezon pou 5 pati sa yo ekzije prezans yon entèmedyè, si yo gen posibilite rankontre chèf leta a dirèkteman. Prezidan Michel Martelly fè konnen li pa ekate posibilite pou l rankontre opozisyon an.

Nouvèl Ayiti - jedi 27 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:31 0:00
Direct link

Opozisyon an lanse yon seri manifestasyon pou egzije demisyon prezidan Michel Martelly ak premye Minis Laurent Lamothe. Yo akize ekzekitif la dèske li pa fè eleksyon depi 2011 epi l ap pèsekite opozan l yo. Opozisyon an fikse 2 lòt manifestasyon pou vandredi 28 ak samdi 29 novanm 2014 la.

Medya yo ann Ayiti rapòte jij Lamarre Bélizaire libere plizyè moun otorite yo te arete pandan 2 dènye manifestasyon opozisyon an te òganize nan Pòtoprens.

Anfen, Sekretè deta pou Relans Agrikòl nan Ministè Agrikilti, Vernet Joseph, anonse yon plan sovtaj pou pote asistans bay sektè agrikòl la nan Nò ak Nòdès kote inondasyon te fè ravaj, sa pa gen lontan.

XS
SM
MD
LG