Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly ap Rankontre Lidè Medam yo sou Kriz la


Yon Bwat Bilten Vòt
Yon Bwat Bilten Vòt

Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly ap rankontre asosyasyon meda m yo lendi 24 novanm nan kad seri konsiltasyon yo. Selon pòt pawòl prezidans la, Lucien Jura, prezidan an vle tande opinyon lidè meda m yo sou kriz politik la. Selon msye Jura li pap pran tan avan lidè ayisyen an mete yon mesaj devan popilasyon an pou eksplike fason li kwè kriz politik la kapab rezoud la.

Nouvèl Ayiti - Lendi 24 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:05 0:00
Direct link

Gwoup 5 pati politik opozisyon an (MOPOD, Fusion Socio-Demokrat yo, Kontra Pèp la, Inite, Pati Ayisyen pou Ayiti) rejte 3 envitasyon prezidan Michel Martelly voye ba yo pou vinn diskite sou kriz la. 5 pati sa yo poze kèk kondisyon anvan pou yo rankontre ak prezidan Martelly pa ekzanp: liberasyon moun yo kwè ki nan prizon pou rezon politik, aplikasyon atik 289 konstitisyon amande 1987 la ak prezans yon entèmedyè pandan rankont la. Pòtpawòl prezidans Lucien Jura te deklare, sa pa gen lontan, msye Martelly pat wè nesesite pou gen yon entèmedyè si opozisyon an gen posibilite rankontre avèk li dirèkteman.

Pandanstan, opozisyon an ap òganize yon lòt manifestasyon madi 25 novanm nan nan kad jefò lap fè pou deboulonnen prezidan Michel Martelly sou pouvwa a. Enkoni moun pat idantifye blese ak bal 2 moun pou pipiti nan manifestasyon opozisyon an te òganize madi 18 novanm nan okazyon " Bataille de Vertières" jou lame endijèn nan te ranpòte laviktwa sou twoup Napoleon yo.

Anfen, pòtpawòl Konferans Episkopal la, Monsenyè Patrick Aris, envite aktè yo kontinye dyalòg politik la pou jwenn yon solisyon nan kriz la. Monseyè Aris di Konferans Episkopal la toujou disponib pou l jwe yon wòl medyatè ant pati konsène yo pou ede jwenn yon antant ki va debloke kriz la.

XS
SM
MD
LG