Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Popilasyon an ap tann Mesaj Prezidan Michel Martelly Pwomèt pou l bay sou Kriz Politik la


Haiti
Haiti

2 senatè ayisyen pwononse yo sou kriz politik la nan moman popilasyon an ap tann mesaj prezidan Michel Martelly genyen pou l mete devan pèp la pou eksplike fason li kwè kriz la kapab rezoud.

Klike sou lyen an pou w tande detay nouvèl yo.

Nouvèl Ayiti -vandredi 21 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:04 0:00
Direct link

Yon lòt kote, polis nasyonal Ayiti a fè konnen y ap gen ase polisye sou teren an pou konble vid ki pral genyen akoz rediksyon k ap fèt nan prezans sòlda Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH). Pòt pawòl PNH la, Komisè Frantz Lerebourg, di plan devlopman enstitisyon an prevwa 15 mil polisye disi 2016.

Mizisyen, rapè, gitaris ak pwodiktè Wyclerf Jean ansanm ak yon lòt mizisyen lanse yon kanpay ranmase lajan pou lite kont maladi SIDA a. Wyclerf Jean fè konnen fanatik yo kapab achte yon mizik sou sit itune pou 5 santim e lajan an prale dirèkteman nan fon an.

Anfen, ,jedi 20 novanm nan se te 25èm anivèsè Jounen Entènasyonal Timoun yo. Tèm ane sa a se "Chak Timoun Konte." Ayiti menm jan ak lòt peyi te make jounen an ak yon seri aktivite pou sansibilize popilasyon an sou enpòtans timoun yo nan sosyete a.

XS
SM
MD
LG