Accessibility links

Breaking News

Etazini Politik / Sena a Vote kont Konstriksyon Pipeline Kanada/Tegzas la


An Aerial view of the winding L401 country road past rapeseed fields near Nienstedt close to Bad Muender am Deister, central Germany.
An Aerial view of the winding L401 country road past rapeseed fields near Nienstedt close to Bad Muender am Deister, central Germany.
Sena ameriken an, ki anba kontwòl pati demokrat la, rejte yon resolisyon ki ta oblije gouvènman an fini konstriksyon yon gwo tiyo petwòl ki ta mennen gaz sòti Kanada pou rive nan Eta Tegzas –yon pwojè ki lage gwo divizyon nan mityan milye kap defann anviwonnman an ak sektè ki ta renmen Lèzetazini genyen yon pi gwo endepandans nan domèn enèjetik la.

Tou 2 sektè sa yo genyen patizan yo nan kongrè a kote Repibliken yo plis anfavè konstriksyon an, tandiske manm pati demokrat la --pati Prezidan Barack Obama a-- plis apiye pozisyon anviwonnmantalis yo ki pa dakò ak konstriksyon gwo tiyo petwòl sa a ki rele Pipeline Keyston nan. Se senatè demokrat Eta Massachusetts la, Elizabeth Warren, ki te bay rezilta vòt la:

“Eske gen yon senatè ki vle vote ou byen ki vle chanje vòt li? Sinon, jan vòt yo ye la a, kantite « wi » yo se 59, kantite « non » yo se 41. Nou pa rive genyen 60 vòt ki nesesè pou lejislasyon an pase. Alòs, pwopozisyon-lwa sa a echwe. »

Senatè ki apiye lejislasyon an te bezwen 60 vòt pou yo fè li pase epi voye li devan Prezidan Barack Obama pou siyati; men prezidan an deja menase lap poze veto l sou pwopozisyon-lwa an si Kongrè a apwouve li. Chanm Bas la (ki anba kontwòl Repibliken yo) te apwouve lejislasyon an ak yon gwo kokenn majorite semèn pase a. Lidè minorite nan Sena a, Mitch McConnell, anonse pwopozisyon lwa sa a pral retounen nan deba yo byen bonè ane pwochèn lè Republiken yo va pran kontwòl tou lè 2 chanm Kongrè a.

XS
SM
MD
LG