Accessibility links

Breaking News

Operasyon Destriksyon Kay ann Izrayèl


Izrayelyen nan asiste seremoni antèman Aryeh Kupinsky, Cary William Levine ak Avraham Goldberg, 3 nan 4 moun ki mouri nan yon atak 2 kouzen palestinyen lanse madi 18 novanm 2014 la ((Foto AP/Ariel Schalit).
Izrayelyen nan asiste seremoni antèman Aryeh Kupinsky, Cary William Levine ak Avraham Goldberg, 3 nan 4 moun ki mouri nan yon atak 2 kouzen palestinyen lanse madi 18 novanm 2014 la ((Foto AP/Ariel Schalit).

Nan peyi Izrayèl, manm fòs sekirite yo demoli kay yon palestinyen ki te touye 2 moun nan yon atak yo te lanse mwa pase a, pandan viktim yo, ki te nan yon machine, te kanpe sou yon limyè pou yo te rete tann yon tren pas

Operasyon demolisay la dewoule byen bonè mèkredi 18 novanm 2014 la nan rejyon Silwan, nan Jerizalèm-Es, kote demolisè yo kite nan kay la chanm ki plen ak debri sèlman. Kay la twouve l sou yon ti distans ak yon lye sen mizilman yo rele Moske al-Aksa a, tandiske jwif yo rele li Mon Tanp la, kote konfwontasyon dewoule souvan ant 2 gwoup yo nan mwa ki pase yo.

Fòs sekirite yo pase alaksyon aprè Premye Minis Benjamin Netanyahu te mande pou yo detwi kay 2 lòt palestinyen ki te touye 5 moun nan yon sinagòg nan Jerizalèm nan kòmansman jounen madi 18 novanm nan. Chèf gouvènman israyelyen an mande tou pou yo akselere operasyon destriksyon kay palestinyen ki responsab lòt atak ki te fèt anvan sa.

XS
SM
MD
LG