Accessibility links

Breaking News

Yon "Atak Teworis" Fè 4 Mò ak 6 Blese nan Jerizalèm


Responsab yo nan Jerizalèm kouvri kadav 2 palestinyen lapolis touye apre yo te atake fidèl ki te reyini pou priye nan yon sinagòg nan kòmansman jounen madi 18 novanm 2014 la. (Foto: AP/Sebastian Scheiner).
Responsab yo nan Jerizalèm kouvri kadav 2 palestinyen lapolis touye apre yo te atake fidèl ki te reyini pou priye nan yon sinagòg nan kòmansman jounen madi 18 novanm 2014 la. (Foto: AP/Sebastian Scheiner).

Lapolis nan vil Jerizalèm, peyi Izrayèl, fè konnen 2 palestinyen atake yon sinagòg. Bilan: 4 moun mouri e 6 lòt blese. Atak sa a dewoule pandan viktim yo te reyini pou yo priye. Pòtpawòl lapolis, Luba Samri, deklare atakan yo te gen nan men yo rach ak zamafe tankou revolvè pandan fidèl yo te reyini nan yon sinagòg ki nan rejyon Har Nof, byen bonè madi maten

Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, pa pèdi tan pou l reyaji. Li fè konnen sa k responsab pou zak sa yo, se sa li konsidere kòm yon “kanpay gwoup militan Hamas la ak prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas, lanse pou yo chofe tèt palestinyen yo » -- yon kanpay ki, daprè li, kite kominote entènasyonal la endiferan. Misye Netanyahu fè sèman Israyèl pral reponn kifkif aprè atak sa a.

Bò kote pa l, Prezidan Abbas fè parèt yon deklarasyon kote li kondane sa k pase a. Li di :

“Se yon atak kont sivil; e li merite kondane kèlkeswa moun ki responsab la.”

Lòt reyaksyon sou atak Jerizalèm nan:

Pandan Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, twouve li nan vil Lond, nan peyi La Grand Bretay, kote li tap rankontre ak kòlèg britanik li a, Philip Hammond, li kondane, li menm tou, sa k pase ann Izrayèl la. Misye Kerry deklare:

“Mwen lanse apèl bay lidè palestinyen yo, kèlkeswa nivo otorite yo, pou mwen mande yo pale pou kondane atak la ak mo ki pi dyanm yo. Vyolans konsa pa gen plas li okenn kote.”

Atak sa a se dènye nan yon seri ensidan ki mache ak yon ogmantasyon nan zak vyolans kap dewoule nan Jerizalèm ak Si-Jòdani depi yon mwa deja.

XS
SM
MD
LG