Accessibility links

Breaking News

Apui Konseye Thomas Shannon pou Dwa Omoseksyèl Ayisyen yo


Asistan Sekretè Deta Ameriken pou Afè Emisfè Oksidantal la, Thomas Shannon. Foto: REUTERS/Oswaldo Rivas
Asistan Sekretè Deta Ameriken pou Afè Emisfè Oksidantal la, Thomas Shannon. Foto: REUTERS/Oswaldo Rivas

Konseye politik Depatman Deta a pou Afè Emisfè Oksidantal la, Thomas Shannon, rekonèt dwa kominote gason-makòmè ak fanm-monkonpè ayisyen yo. Misye Shannon eksprime apui li pou kominote sa a nan Washington nan okazyon ouvèti 3èm konferens Depatman Deta a sou dwamoun ak efò kap fèt pou plis rekonesans pou Gason-Makòmè, Fanm-Monkonpè, Moun ki an Afè ak tou lè 2 Sèks yo, ak Moun ki Chanje Sèks yo. An plis Misye Shannon, pami pèsonalite ki pran lapawòl nan premye jounen an, te genyen administatè Ajans Lèzetazini pou Devlopman Entènayonal, USAID, Doktè Rajiv Shah.

Nan Deklarasyon Anbasadè Shannon fè nan okazyon an, li fè konpliman pou yon militan ayisyen, Steve Laguerre, direktè òganizasyon SerOvie, ki mete sou pye yon mouvman ki fè ladiferans menm pandan youn nan sitiyasyon ki pi tèrib ki te devlope ann Ayiti –an palan de tranblemanntè janvye 2010 la. Misye Shannon di:

“Travay Steve ak travay òganizasyon li a, SerOvie, fè ann Ayiti, te vin pi difisil toujou akoz treblemanntè tèrib ki te rive sa gen plis pase 3 zan; men sa pat dekouraje li. Steve te vin gen plis detèminasyon pou l lonje men bay kominote gason-makòmè ak fanm monkonpè yo ann Ayiti pou l garanti respè dwa yo; men tou, li te pèmèt yo jwenn manje, abri, ak chans ekonomik dekwa pou yo te viv ak diyite.”

Konferans la kòmanse mèkredi 12 novanm e lap pran fen vandredi 14 novanm 2014 la.

XS
SM
MD
LG