Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid-Jistis: Santans Kaptenn yon Bato ki te Koule ak Anviwon 300 Moun


Nouvèk ki sòti nan Kore di Sid fè konnen yon tribinal bay kaptenn yon bato ki te koule avèk plis pase 300 moun abò l, nan mwa davril pase a, yon santans 36 an prizon. Non kaptenn sa a se Lee Jun-Seok e pi fò nan viktim yo sete etidyan.

Tribinal sivil vil Gwamgjou a, ki pran desizyon sa a nan jounen madi 11 novanm 2014 la, jwenn kaptenn Lee koupab pou neglijans poutèt li te kouri kite bato a pandan li potko menm fin koule nan dat 16 avril 2014 la alòske li teplen pasaje a bò li. Jij la elimine akizasyon ki te di kòmkwa misye koupab pou asasina; si tribinal la te jwenn kaptenn Lee koupab pou krim sa a, li te ka menm jwenn yon kondanasyon amò.

Lee Jun-Seok ak lòt sobreka ki te nan bato a prezante ekskiz yo bay fanmi viktim yo ak tout nasyon an. Yo fè konnen yo pat panse zak yo a te ka debouche sou sa ki tounen dezas ki pi tèrib ki rive nan Kore di Sid depi plizyè dizèn dane.

XS
SM
MD
LG