Accessibility links

Breaking News

Antant sou Kreyasyon yon Zòn Franch an Azi sou Direksyon Lachin


(Goch a dwat, devan): Prezidan ameriken an, Barack Obama, Prezidan Larisi a, Vladimir Putin, ak Prezidan chinwa a, Xi Jinping, padan yo tap asiste yon sesyon nan Somè Kowoperasyon Ekonomik Azi Pasifik la nan Peken. Foto: 11 novanm 2014.
(Goch a dwat, devan): Prezidan ameriken an, Barack Obama, Prezidan Larisi a, Vladimir Putin, ak Prezidan chinwa a, Xi Jinping, padan yo tap asiste yon sesyon nan Somè Kowoperasyon Ekonomik Azi Pasifik la nan Peken. Foto: 11 novanm 2014.

Majorite lidè Asosyasyon Ekonomik Azi-Pasifik la, kap patisipe nan yon somè nan Peken, dakò ak plan Lachin genyen pou l kreye yon zòn franch Peken pral dirije. Andòsman sa a parèt kòm yon gwo reyalizasyon pou Lachin, ki pase lontan ap fè pwomosyon pou kreyasyon zòn franch sa a alòske Lèzetazini te pwopoze yon lòt inisyativ. Prezidan chinwa a, Xi Jinping, ki pran lapawòl nan fen somè Azi-Pasifik la, di li konsidere apui peyi manm yo pou zòn franch la kòm yon evennman istorik. Misye Xi deklare:

“Nou deside lanse pwojè zòn franch Azi-Pasifik la. Desizyon sa a reprezante yon gwo pa an avan sou wout nou pran pou n reyalize gwo kokenn zòn fanch sa a. Li reprezante tou fèm volonte ak konfyans peyi-manm Asosyasyon Ekonomik Azi-Pasifik la nan plan nou genyen pou n pouse pou pi devan ak entegrasyon rejyonal nou. “

Bò kote pa l, prezidan ameriken an, Barack Obama, ki patisipe nan somè Peken an, rive jwenn ak otorite chinwa yo yon antant ki kapab debouche sou eliminasyon oubyen rediksyon tarif sou ekipman medikal ameriken ak aparèy jwèt video ki fabrike Ozetazini e kap antre sou tèritwa chinwa a. Reprezantan komèsyal Lèzetazini an, Michael Froman, fè anons la anvan somè ekonomik la te pran fen. Misye Froman di:

“ Se yon nouvèl ankourajan pou relasyon ant Lèzetazini ak Lachin. Sa montre kijan Lèzetazini ak Lachin ap travay ansanm pou nou non sèlman fè pwogram kowoperasyon ekonomik nou an avanse, men tou pou n apiye sistèm echanj komèsyal miltilateral la.”

Peken ak Washington rive jwenn antant sa a nan moman administrasyon Obama a ap redi pou l jwenn kowoperasyon Lachin nan efò kap fèt pou bese tansyon kap monte ant Peken ak peyi nan rejyon an poutèt kesyon lizyè fwontyè maritim yo, e pandan otorite chinwa yo sispèk Washington ap fè yon jan pou l ralanti pwogrè yo sou wout ki ka pèmèt peyi yo tounen yon puisans mondyal.

Prezidan Obama pral kite Lachin mèkredi 12 novanm 2014 la pou li ale nan 2èm peyi ki sou pwogram toune azyatik li a, an palan de Bimani, kote li pral asiste 2 somè peyi azi oryantal yo, anvan li pran direksyon Ostrali pou l patisipe nan Somè G-20 an.

XS
SM
MD
LG